POUKISA: |
Ekspozisyon Travay Jeni FIU CEC ki fèt chak ane a, ouvè pòt Sant Òdinatè ak Jeni An pou elèv lekòl elemantè, mwayen ak segondè Lekòl Leta Miami-Dade County.
Syans, teknoloji, jeni, ak matematik pral jwe yon wòl prensipal pandan elèv ap vizite laboratwa, pale avèk elèv e pwofesè FIU, e resevwa yon entwodiksyon pratik, dènye kri nan syans ak desen. Ane sa a, plis pase 700 elèv lekòl leta Miami-Dade ki soti nan plis pase 25 lekòl pral patisipe nan aktivite enfòmasyonèl fantastik sa a pou ankouraje elèv pou yo konsidere yon karyè nan domèn STEM yo. Ekspozisyon Jeni An se rezilta Semèn Jeni Nasyonal la.
Pou detay oubyen enfòmasyon adisyonèl, kontakte Depatman Karyè ak Edikasyon Teknik nan 305-693-3030. Suiv evènman sa a nan sèvi ak: #fiuengexpo2015.
|