POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 4 mas 2015

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AP REKÒMANSE EGZAMEN KI BAZE SOU ÒDINATÈ JEDI 5 MAS

Jodi a Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County Alberto M. Carvalho anonse lekòl yo ap rekòmanse ak administrasyon evalyasyon nouvo “Florida Standards Assessment (FSA)” (Evalyasyon Estanda Florid) ki baze sou òdinatè sou yon baz limite jedi 5 mas.

Lendi 2 mas, premye jou administrasyon pati Redaksyon/FSA ELA ki baze sou òdinatè pou elèv 8yèm jiska 10yèm ane eskolè, distri atravè eta a te fè eksperyans pwoblèm teknik, yo te vin atribiye pita ak nouvo platfòm egzamen “American Institutes for Research (AIR)” (Enstiti Ameriken pou Rechèch) itilize pou nouvo egzamen Florid FSA ki baze òdinatè. Sa te fè Miami-Dade sispann egzamen yo jiskaske “Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatman Edikasyon Florid) te ka bay asirans yon anviwònman egzamen ki estab pou elèv yo. Pat gen entèripsyon nan egzamen pou elèv ki nan 4yèm jiska 7yèm ane eskolè, ki te pran egzamen ki baze sou papye.

Komisyonè FLDOE Pam Stewart anonse pandan yon reyinyon komite Sena jodi a, "li gen 100 pousan sètitid tout bagay ap mache kòrèkteman" konsènan platfòm egzamen AIR la. Yo te repete asirans sa a nan yon konferans apèl tefonik atravè eta a aprèmidi a.

Carvalho di "Gen yon espas tan nou dwe bay egzamen an. Malgre enkyetid moun kontinye genyen atravè eta a sou pwoblèm siyen pou konekte nan òdinatè yo, pwoblèm ekspirasyon paj Entènèt la, ak posiblite pou pèdi done, nou oblije legalman, sou baz asirans Komisyonè a sistèm nan 100 pousan prè, pou nou avanse ak evalyasyon yo… Nou ap òdone lekòl nou yo pou rekòmanse ak egzamen yo demen sou yon baz limite, kòmanse ak 8yèm e 9yèm ane eskolè."

# # #

DGD-15/217/JS/SD

Retounen sou Nòt pou Laprès