POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 10 mas 2015

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

LEKÒL SEGONDÈ ADILT HIALEAH AP FÈ YON SESYON ENFÒMASYON SOU NATIRALIZASYON, 12 MAS

KIYÈS: 
Direktè \Manuel Gonzalez, anplwaye “U. S. Citizenship and Immigration Services (USCIS)” (Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini), administratè lekòl, pwofesè, anplwaye ak elèv
KISA:
Sesyon Enfòmasyon sou Natiralizasyon
KILÈ: 

Jedi 12 mas 2015
7:30 – 9è diswa

KI KOTE: 

Hialeah Senior Adult
Auditorium
251 East 47th Street
Hialeah, FL 33013

POUKISA:

Lekòl Segondè Adilt Hialeah an kolaborasyon avèk USCIS pral fè yon sesyon enfòmasyon pou prepare elèv adilt ki pare pou vin sitwayen Ameriken sou Pwosesis Natiralizasyon, Egzamen Natiralizasyon, ak dwa e responsablite sitwayènte Etazini.  Sesyon an gratis. Moun ki prale yo ap resevwa enfòmasyon sou pwogram Edikasyon Adilt MDCPS la.


# # #

15-DGD/220/GC/RL

 

Retounen sou Nòt pou Laprès