POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 10 mas 2015  

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

DÈYÈ RIDO A: KI JAN M-DCPS SOVGADE KONT ATAK SOU ENTÈNÈT

KIYÈS: 

Sèvis Enfòmatik  – Lekòl Leta Miami-Dade County
•   Edward McAuliff, Ofisye Chèf Sekirite
•   Debbie Karcher, Ofisye Chèf Enfòmasyon
•   Rolando Avila, Sipèvizè Telekominikasyon

KISA:
Vizite Dèyè Rido Sant Sekirite Done, Katye Jeneral ITS
KILÈ: 

Mèkredi 11 mas 2015
10è dimaten

KI KOTE: 
Information Technology Services
13135 SW 26 Street
Miami, Florida 33175   
POUKISA:

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ap ouvè pòt “Information Technology Services Security Center” (Sant Sekirite Sèvis Enfòmatik) nan pataje pwotokòl nou itilize pou kenbe sistèm enfòmasyon “Miami-Dade County Public Schools’ (M-DCPS)” Lekòl Leta Miami-Dade County) an sekirite.

Sèmèn sa a, Depatman Edikasyon Florid anonse sistèm Entènèt yo te anba “cyber-attacked” (atak elektwonik) ki te lakoz kèk nan reta elèv nou yo te konfwonte pandan egzamen FSA a.  M-DCPS te detekte menm aktivite ki pa nòmal sa yo nan sistèm Entènèt nou an nan jou yo pa t ap bay tès, e yo te byen vit mete blokaj “firewalls” anplas pou fè prevansyon domaj sou sistèm òdinatè yo. Akòz etap repons aktif sa a, sa ki te pase eta a pa t afekte M-DCPS.

Ki moun ki anpeche sa pa rive ? Kòman nou te fè evite li? Nou mennen medya dèyè ‘rido’ ekspozisyon sant enfòmatik nou an pou wè fason nou suiv, trake sovgade sèvis Entènèt nan nivo distri a, nan lekòl yo e sou òdinatè elèv endividyèl nou yo. 




# # #

15-DGD/221/JJS/CF

 

Retounen sou Nòt pou Laprès