|
ADMINISTRATÈ M-DCPS RESEVWA ONÈ AVÈK PRIM EDIKATÈ MIZIK DISTENGE LEKÒL MIZIK YALE Patenarya ant M-DCPS Florida Grand Opera se youn nan 35 Yale ap onore “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ak Florida Grand Opera (FGO) (Gran Opera Florid) an kolaborasyon avèk pwogram patenarya “Cultural “Passport Through Opera” (Opera Atravè Paspò Kiltirèl) pral youn nan 35 patnè “Yale School of Music” (Lekòl Mizik Yale) ap onore nan Senpozyòm 2015 pou Lekòl Mizik 4-7 jen 2015 la nan New Haven, Conn. Yo nonmen Bryan T. Petorak, Sipèvizè Distri Ar Pèfòmans M-DCPS, e Cerise Sutton, Direktè Edikasyon nan FGO kòm resipyan Prim Edikatè Mizik Distenge Yale. Yale School of Music chwazi gayan prim yo baze sou valè prezantasyon atistik e filozofik pwogram pou timoun ki itilize pi bon resous mizik nan kominote a pandan yo ap asire kourikoulòm mizik dekalite nan anbyans lekòl leta. Yon pwogram yo aksantye nan patenarya FGO ak M-DCPS se “ ‘OPERA LAB’ :yon laboratwa pou aprann atravè opera.” Pwogram 10-mwa sa a, yo tabli andan lekòl yo ki mete ann aplikasyon ansèyman sijè tradisyonèl, sijè akademik atravè yon mwayen ki pi kreyatif. Atravè demonstrasyon yo nan plizyè lokasyon M-DCPS, Sutton ak Kevin G. Mynatt, Diretè Pwodiksyon FGO’s, aksantye enpòtans pou sijè akademik debaz—tankou matematik, istwa, ak ar—jan sa relate nan devlope sèn ak akseswa pou podyòm nan. Senpozyòm Lekòl Mizik la ap fèt yon fwa chak dezan nan Yale School of Music. Li mete ansanm pwofesè ak pwofesyonèl distenge nan mizik atravè peyi a. Pou kat jou nan mwa jen patnè yo ap rankontre pou patisipe nan yon varyete atelye, fè disksyon sou sijè ki ap fè aktyalite nan domèn edikasyon mizik, ak lòt evènman.
### 15-DGD/224/HD/CF
|