POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 17 mas 2015

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS AP REKONÈT PATNÈ KOMINOTÈ, ONORE VOLONTÈ

KIYÈS: 
Manm Komisyon Konsèy Lekòl, Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, administratè, anplwaye lekòl, volontè, patnè biznis ak sitwayen ki enterese
KISA:
37yèm Seremoni Anyèl Prim pou Rekonèt Patnè Kominotè
KILÈ: 
Jedi 19 mas 2015
10:45 dimaten pou 1è nan aprèmidi
KI KOTE: 
Jungle Island, Treetop Ballroom
1111 Parrot Jungle Trail
Miami, FL 33132        
POUKISA:

Nan 37yèm Seremoni Anyèl Prim pou Rekonesans Patnè Kominotè nou ap rekonèt Patnè egzanplè nan Dade ak volontè ekstrawòdinè pou kontribisyon yo ak sèvis yo bay lekòl leta Miami-Dade ak elèv li yo.

Se “Winn-Dixie Stores, Inc.” ki patwone l, yo bay Vonlontè Lekòl Ekstrawòdinè Prim nan (kategori Grandèt, Adilt, ak Jèn) ak Patnè Egzanplè Dade nan (kategori Atravè lekòl, Atravè distri a, ak Sivik/Ki pa la pou Fè Pwofi).  Ane sa a, nou pral prezante Prim Chwa Sipèentandan 2015 la bay “Adrienne Arsht Center for the Performing Arts” (Sant Adrienne Arsht pou Ar Pèfòmans) ki anba direksyon John Richard, Prezidan/CEO, pou angajman kontinyèl li nan anrichi lavi elèv atravè ar; “enFamilia,” dèske li ofri pwogram andeyò lekòl pandan tout ane a ki fè efè sou elèv ak fanmi nan zòn Sid Dade la; e Melvin ak Elaine Finkelstein, pou angajman yo nan edikasyon ak donasyon mansyèl pou plis pase 11,600 magazin [Geographic National “Young Explorer’s”] (Jewografi Nasyonal “Jèn Eksplorè”). 


# # #

15-DGD/225/DL/SD

 

Retounen sou Nòt pou Laprès