|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 17 mas 2015 |
KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188 |
***NÒT POU LAPRÈS***
CARVALHO PRAL REKONÈT EWO SANT EDIKASYONÈL NEVA KING COOPER KI TE ADMINISTRE “CPR” POU SOVE LAVI
|
Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho, Manm Komisyon Konsèy Lekòl, ak anplwaye Sant Edikasyonèl Neva King Cooper – Leroy Dixon, Frank Lazado, Pamela Coleman, ak Dtè. Tracy Roos |
|
Rekonesans Espesyal Sipèentandan an |
KILÈ: |
Mèkredi 18 mas 2015
Apwoksimativman 11:45 dimaten
(Aprè rekonesans ak prezantasyon Komisyon Konsèy Lekòl la)
|
KI KOTE: |
School Board Administration Building
Auditorium
1450 N.E. 2nd Avenue
Miami, FL 33132 |
POUKISA: |
Mwa dènye, yon anplwaye Sant Edikasyonèl Neva King Cooper Leroy Dixon te tonbe nan kafeterya a e pèdi konesans, li te fè yon kriz kadyak. Twa anplwaye lekòl ewoyik te pase alaksyon imedyatman pou sove lavi Msye. Dixon. Enfimyè “Integrity” (Entegrite) Pamela Coleman, pwofesè Frank Lazado, ak Direktè Dtè. Tracy Roos, te administre “CPR” (Resisitasyon Respirasyon Atifisyèl) e aplike avèk ladrès “Automated External Defibrillator (AED)” (Defibrilatè Ekstèn Otomatik) jiskaske sekouris yo rive. Sipèentandan Carvalho pral rekonèt endividi brav, ewoyik sa yo ki te kenbe kalm ak konsantrasyon yo e pandan yon sitiyasyon tansyon e te ede sove lavi yon lòt anplwaye. Anplwaye yo te sove lavi li a ap prezan tou.
|
# # #
15-DGD/226/TTR/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |