POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 30 mas 2015   

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

SIPÈENTANDAN CARVALHO AK CHÈF MICHELLE BERNSTEIN MET TÈT ANSANM POU SELEBRE FESTIVAL KUIZIN POU LAVI

KIYÈS: 
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Chèf Michelle Bernstein, elèv, pwofesè
KISA:
Klas Kuizin “Common Threads”
KILÈ: 
Mèkredi 1ye Avril 2015
2:45 nan aprèmidi – Konvèsasyon avèk elèv
3:30 nan aprèmidi – Klas Kuizin
KI KOTE: 
Charles Wyche Elementary School
5241 NW 195 Drive
Miami, FL 33055   
POUKISA:

Pou lanse Festival Kuizin pou Lavi a, Sipèentandan Carvalho ak Chèf Bernstein fè patenarya pandan yon klas kuizin Common Threads pou pote konsyantizasyon e ogmante enterè nan manje ki bon pou sante ak ladrès kuizin.

Festival Kuizin pou Lavi a, ki ap fèt 17-19 avril, pral mete ansanm yon gwoup chèf yo seleksyone pami sa ki pi selèb nan peyi a pou sipòte misyon òganizasyon an. Common Threads pral fè kominote nasyonal yo a pran angajman pou yo fè yon efè pozitif sou sante ak byennèt timoun nan Miami pandan tout fen semèn nan.

Common Threads, yon òganizasyon nasyonal ki pa la pou fè pwofi ap konbat obezite timoun nan anseye timoun bonjan ladrès kuizin ki bon pou sante, aktyèlman gen pwogram nan 33 lekòl nan Miami. Atravè kourikoulòm pratik, Common Threads ap responzabilize elèv ak fanmi yo pou kuizin ki bon pou sante, travay pou ranvèse tandans obezite timoun ak lòt konplikasyon sante ki gen rapò ak obezite.




# # #

15-DGD/227/DL/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès