POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 3 avril 2015  

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS ONORE MEYÈ DIREKTÈ, ASISTAN DIREKTÈ POU ANE A
  

“Miami-Dade County Public Schools” (Lekòl Leta Miami-Dade County) onore meyè direktè ak asistan direktè li yo nan yon seremoni prim “ Dade Association of School Administrators (DASA)” (Asosyasyon Administratè Lekòl nan Dade) patwone, 2 avril nan Jungle Island.  Guillermo Muñoz, ki te sèvi kòm direktè nan Lekòl Segondè Homestead, te genyen pi gwo onè a kòm Meyè Direktè Distri a pou Ane a.

Muñoz ap sèvi kòm direktè nan Lekòl Segondè Homestead depi 2013.  Li pote plis pase 20 ane eksperyans nan administrasyon ak ekspètiz nan kourikoulòm.  Li te kòmanse karyè li kòm yon pwofesè Matematik nan Lekòl Segondè Kinloch Park an 1992.  Yo te rekonèt Nicole Berge-MacInnes, Lekòl Segondè Coral Reef, kòm Meyè Asistan Direktè pou Ane a.  Avan sa, li te sèvi kòm Asistan Direktris nan Lekòl Mwayen Glades.

Meyè Direktè pou Ane a resevwa $3,000 e Meyè Asistan Direktè pou Ane a resevwa $2,000.  Se AXA-Equitable ak Wells Fargo ki te prensipal patwon pou prim kach yo.  Gayan yo te resevwa tou pànye kado nan men patwon evènman an ki gen ladan EdGenuity, Herff Jones, Teacher Created Materials, Valic, Bencor, Pearson, United Way, Jungle Island, South Florida Federal Credit Union, Nova Southeastern University ak Miami Seaquarium. 

Nan seremoni an to ye rekonèt tou James V. Parker, Sant Edikasyonèl e Kolèj Teknik Miami Lakes, yo nonmen dezyèm Direktè pou Ane a ak Milagro Arango, Lekòl Segondè South Miani, yo nonmen dezyèm Asistan Direktè pou Ane a.   

Yon vrè enspirasyon pou elèv ak anplwaye nan Lekòl Segondè Homestead, Guillermo Muñoz aksepte Prim Meyè Direktè pou Ane a. Nicole Berge-MacInnes, Lekòl Segondè Coral Reef, aksepte Prim Meyè Asistan Direktè pou Ane a.

 

 

###

15-DGD/230/GC/CM

 

Retounen sou Nòt pou Laprès