|
M-DCPS, FOP JWENN YON AKÒ TRAVAY PWOVIZWA Lekòl Leta Miami-Dade County jwenn yon akò pwovizwa avèk “Fraternal Order of Police (FOP)” (Lòd Fratènèl Polis), ki kouvri travay anplwaye Polis Lekòl Miami-Dade yo. Sipèentandan Alberto M. Carvalho di, “Atravè negosyasyon ki fèt avèk respè e ki dinamik, nou rive jwenn yon akò ki akonpli toude, ekite nan salè ak pwoteksyon mendèv trè esansyèl sa a.” Gran liy akò a gen ladan:
Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman te prezan nan moman akò a te fèt e li anonse li ap pote yon atik ki jistifye rezon pou apwouve kontra a nan reyinyon 15 avril Komisyon Konsèy Lekòl la. Manb FOP yo dwe ratifye kontra, ansuit y ap pote li devan Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade la pou apwobasyon. Lè yo ratifye e apwouve kontra a, yo ap adopte kontra pou tout anplwaye M-DCPS ki kouvri anba akò negosyasyon kolektif yo.
### 15-DGD/238/JJS/CM
|