|
SIPÈENTANDAN CARVALHO ANONSE PATENARYA AVÈK ENSTITI NASYONAL POU SEKIRITE AK SANTE OKIPASYONÈL MIAMI – Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho jodi a anonse yon patenarya pou premye fwa nan kalite sa a ant “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ak “National Institute for Occupational Safety and Health (NIOSH)” (Enstiti Nasyonal pou Sekirite ak Sante Okipasyonèl), ki fè pati “U.S. Centers for Disease Control and Prevention (CDC)” (Sant pou Kontwole e Fè Prevansyon Maladi Ozetazini). Ankò M-DCPS pran devan nan chemen kòm premye distri lekòl nan peyi a ki fè patnè avèk NIOSH/CDC pou ofri elèv andwa travay esansyèl e fòmasyon ladrès sekirite sou sante. Estatistik montre jèn gen de fwa plis chans kòm adilt pou fè aksidan nan travay. Distans yo rive gradye, 80 pousan jèn Ozetazini pase nan omwen yon travay. Yon gran majorite nan yo antre nan mache travay la san prepare pou defi ak danje yo ap konfwonte. Sipèentandan Lekòl yo Alberto Carvalho di, “Patenarya nou an avèk Enstiti Nasyonal pou Sekirite ak Sante Okipasyonèl se yon gwo benefis pou elèv Lekòl Leta Miami-Dade County yo e pou biznis ki pral anplwaye yo… Travay NIOSH sa a pwoteje sekirite ak sante travayè nan peyi a, e atravè kolaborasyon san parèy sa a elèv nou yo pral benefisye nan konesans, enfòmasyon ak ekspètiz Enstiti a.” Nou ap anseye kourikoulòm “NIOSH Youth @ Work-Talking Safety” (Jèn NIOSH Nan Pale-De Sekirite nan Travay) nan kou syans 8yèm ane eskolè nan lekòl atravè distri a e nou ap ekipe elèv yo avèk konesans e ladrès yo ap bezwen anvan yo antre nan mache travay la. Sa gen ladan abilite pou konprann risk ak danje ki genyen e pou rekonèt e kontwole yo. Rekonèt dwa ak responsablite nan travay la, e kominike efikasman lè yo ap fè eksperyans ak pwoblèm nan travay la. Konesans ak abilite elèv vin gen atravè patenarya ap kenbe yo an sekirite e an sante nan andwa travay, yo ap bezwen pou rete an sekirite e an sante, nan andwa travay, kounye a e pou tout rès karyè pwofesyonèl yo. Direktè NIOSH John Howard, M.D. di, “ Lekòl Leta Miami-Dade County, Anba direksyon Sipèentandan Carvalho, se premye distri lekòl nan konte a ki fè patenarya avèl NIOSH pou byennèt elèv nan Miami-Dade anvan yo antre nan mache travay la,... Rekonèt sekirite ak sante nan andwa travay jwe yon wòl esansyèl nan prepare avni mache travay Ameriken pou sekirite e siksè nan yon ekonomi konplèks ki ap chanje rapidman. Devlopman pwofesyonèl enpòtan tou nan enplemantasyon kourikoulòm nan. Deja, NIOSH prepare plis pase 50 chèf depatman syans nan lekòl mwayen M-DCPS ak pwofesè syans uityèm ane eskolè nan kourikoulòm Pale De Sekirite. Ansanm NIOSH ak administrate, pwofesè elèv M-DCPS ap devlope yon modèl pou peyi a prepare jèn yo pou rete an sekirite e an sante pou tout lavi travay yo. ### 15-DGD/240/TTR/CF
|