|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 16 avril 2015 |
KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188 |
***NÒT POU LAPRÈS***
RAD PROM GRATIS POU ELÈV NAN BOUTIK PROM UP-START
|
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, elèv lekòl leta Miami-Dade, anplwaye Pwojè UP-START ak patnè kominotè |
|
Boutik “Prom” (Bal Gradyasyon) UP-START |
KILÈ: |
Vandredi 17 avril 2015
11è dimaten - midi
|
KI KOTE: |
Miami International University of Art & Design
1501 Biscayne Boulevard, #100
Miami, FL 33132
|
POUKISA: |
Elèv gason ak fi yo chwazi davans e ki merite l nan Lekòl Leta Miami-Dade County ap gen opòtinite pou vizite Boutik Prom pou yo chwazi rad, kostim, soulye ak talon abiye, ansanm ak akseswa pou evènman Prom yo nan mwa me. Tout atik yo gratis pou elèv, se manm nan kominote a ak òganizasyon ki bay don yo kòm pati nan inisyativ Pwojè UP-START Distri a, pou ka ede elèv ki pa kapab achte abiman prom e ki te ka pa ale nan evènman enpòtan sa a. Pwojè UP-START se yon pwogram Lekòl Leta Miami-Dade County ki sipòte elèv ki nan Pwogram Asistans Sanzabri oubyen ki ap viv nan tranzisyon.
|
# # #
15-DGD/242/DF/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |