POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 17 avril 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS PRAL FÈ EVÈNMAN FINISMAN DEKORATIF KONSTRIKSYON PWOJÈ
BON AN NAN MAST ACADEMY

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Manm Komisyon Konsèy Distri 6 Raquel Regalado, ak lidè kominotè yo te rasanble nan MAST Academy jodi a pou evènman Finisman Dekoratif Konstriksyon yon pwojè bon an ki se rezilta apwobasyon eksepsyonèl votè yo pou Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya a. Yo ap sèvi avèk “GOB” (Bon Obligasyon Jeneral) la pou modènize e konstwi bilding lekòl atravè distri a, ogmante kapasite elèv, mete plis sekirite nan etablisman yo, e ofri teknoloji ajou nan tout lekòl.

Evènman an make yon etap enpòtan nan istwa patenarya ant Komisyon Konsèy Lekòl la ak Vilaj Key Biscayne.  Avèk apwobasyon yon Akò Entèlokal ant Komisyon Konsèy Lekòl ak Vilaj la, kote chak pati te pran angajman pou devlope 1,100 plas elèv nan yon nouvo etablisman klas 6yèm a 12yèm ane eskolè, yon garaj pakin, ak yon nouvo plas rekreyasyon dènye kri pou elèv jwe sou kanpous MAST Academy an.

Pwojè a koute apwoksimativman $20 milyon, yo te divize egalman ant de pati yo.  Komisyon Konsèy Lekòl la te bay $3.8 milyon pou renove etablisman ki deja egziste a pou yo  asire yon kanpous inifye e depandan.  Achitèk pou toude, nouvo etablisman ak lekòl y ap renove ki deja egziste a se Silva Architects e kontraktè a se J. B. Pirtle Construction Co., Inc.  Kontraktè a pran angajman pou prèske 21% itilizasyon M/WBE (konbine Afriken-Ameriken ak konpayi Fanm posede) ak objektif itilizasyon mendèv lokal 10%.  Distri a sètifye Silva Architects kòm M/WBE ak SBE.
   
Pwojè MAST Academy an gen ladan yon bilding salklas 2-etaj apwoksimativman 136,000 pye kare sou yon garaj pakin 2-etaj ki gen 173 espas pakin.  Gen yon bilding 9,400 pye kare separe sou bò lwès kanpous la ki gen ladan chanm kazye elèv, yon chanm pou espò, ak lòt espas sipò pou PE.

Yo sèvi ak anpil vitray pou pran avantaj anviwònman natirèl pwojè a.  Yo pral itilize teras estrikti pakin nan kreye a kòm espas aprantisaj e pou moun gade deyò.  Yo entegre nan konfigirasyon bilding nan yon espas sikilasyon deyò ki aksantye espas enstriksyonèl 2-etaj la nan 3yèm ak 4yèm etaj yo.  Espas enstriksyonèl sa yo gen ladan salklas objektif jeneral ak syans, laboratwa lang etranje ak òdinatè, laboratwa atizay 2-D, chanm vokal mizik, ak yon zòn administrasyon satelit. 

Agrandisman nouvo etablisman an, amelyorasyon nan MAST Academy ki deja egziste a gen ladan restorasyon nan yon espas laboratwa syans ki deja egziste, yon nouvo salklas pou demonstrasyon laboratwa syans ak nouvo laboratwa syans avèk lòt espas sipò asosye, restorasyon ak renovasyon laboratwa wobotik/jeni ki deja egziste a, mete ajou enfrastrikti ansanm ak ekspansyon e mete ajou kwizin ak espas pou elèv manje ak yon nouvo espas 2,000 pye kare deyò ki kouvri pou elèv manje pou akomode ogmantasyon popilasyon elèv la.

Distri Lekòl la pwomèt tou pou enkòpore yon plas pou “Ruppel Memorial” (Memwa Ruppel), yon omaj pou yon pwofesè MAST Academy yo te respekte anpil, nan plan prensipal kanpous la.

Sant goch a dwat –Sipèentandan Alberto Carvalho (sant goch) ak manm Komisyon Konsèy Raquel Regalado (sant dwat) ansanm ak anplwaye e elèv jodi a nan MAST Academy pou evènman finisman dekoratif konstriksyon pwojè bon an.

 

###

15-DGD/245/DF/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès