POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 23 avril 2015

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

SIKSÈ SAS: 58 POUSAN ELÈV KI GRADYE AP ALE NAN 50 MEYÈ KOLÈJ KI GEN LADAN TOUT LEKÒL PRESTIJE

KIYÈS: 
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Manm Komisyon Konsèy Lekòl ak elèv SAS
KISA:
Seremoni Siyen Pou Akademik Lekòl pou Etid Avanse
KILÈ: 
Vandredi 24 avril 2015
Midi
KI KOTE: 

School for Avanced Studies-Kendall
Auditorium (Room 6120)
11011 S.W. 104 Street
Miami, Florida 33176

POUKISA:

Yo aksepte prèske 58 pousan elèv lekòl segondè SAS nan 50 meyè kolèj atravè peyi a. Yo aksepte dizuit nan elèv sa yo nan uit lekòl “Ivy League” (prestije). Seremoni Siyen pou Akademik nan Lekòl pou Etid Avanse ap gen ladan 167 elèv lekòl segondè, ki ap reprezante kanpous lekòl Wolfson, Kendall, North ak Homestead. Anplis, 98 pousan Klas 2015 la resevwa “Associate in Arts degree (diplòm 2 zan kolèj).

SAS se yon lekòl ekselan yo rekonèt nasyonalman tankou akademi kolèj, yon efò konbine ant Lekòl Leta Miami-Dade County ak “Miami Dade College (MDC)” (Kolèj Miami Dade). Elèv ki ale nan SAS fini dènye de ane lekòl segondè pandan yo ap ale nan MDC. Opòtinite pou akselerasyon e anrichisman atire elèv ki motive e ki gen talan akademikman. SAS fyè li gen yon anbyans tankou fanmi,andwa lekòl piti, e ki vize yon edikasyon dekalite. Lekòl pou Etid Avanse ofri yon tranzisyon sipòtif inik ant edikasyon segondè ak aprè lekòl segondè.

VIZYÈL: -Sipèentandan ak manm Komisyon Konsèy ap disponib pou laprès -Elèv ki ap siyen kontra akademik nan meyè inivèsite

# # #

15-DGD/246/DF/CF

 

Retounen sou Nòt pou Laprès