POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 1ye me 2015

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS PRAL ‘TRASE CHEMEN POU YON MEYÈ AVNI’ NAN 2YÈM GRAN KONFERANS ENDISTRI ELÈV FONDASYON AKADEMI NASYONAL

KIYÈS: 
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Mary Spio, elèv Akademi Karyè “National Academy Foundation (NAF)” (Fondasyon Akademi Nasyonal) nan lekòl ki ap patisipe ak patnè biznis ki enterese
KISA:

2yèm Gran Konferans Endistri Elèv pou elèv NAF ki enskri nan Akademi Jeni, Finans, Ospitalite ak Touris, Syans Sante ak Enfòmatik

KILÈ: 

Mèkredi 20 me 2015 · 8è dimaten pou 1è nan aprèmidi

KI KOTE: 

Miami Beach Convention Center, Hall B
1901 Convention Center Drive
Miami Beach, FL 33139

POUKISA:

Sipèentandan Carvalho pral akeyi apwoksimativman 1,500 elèv NAF nan konferans k ap kreye chemen pou siksè atravè sesyon enstriktif ak entèvyou estaj avèk pwofesyonèl nan endistri.

Mary Spio, fondatè Next Galaxy Corporation, yon konpayi enpòtan nan domèn kontni ak solisyon teknoloji, pral oratè prensipal la. Konpayi Spio yo kreye kontni e/oubyen teknoloji pou jeyan global tankou, Microsoft XBOX, Coca-Cola Company, Tribune News Company (yon branch LA Times, Chicago Times, eks.), Billboard Awards, Lincoln-Ford, ak anpil lòt.

Vin antre nan lis konpayi tankou State Farm, Centerplate, Adobe, FIBA, Wells Fargo, Stantec ak anpil lòt ankò ki deja fè yon envestisman nan ede elèv ki sou chemen pou bati yon karyè.

Pou plis enfòmasyon ale nan: http://miaminaf.org.




# # #

15-DGD/256/HD/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès