POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 1ye me, 2015 

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS AP PREZANTE SENKYÈM BAL ANYÈL POU ELÈV LEKÒL SEGONDÈ KI GEN OTIS

 

KIYÈS: 
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Elèv “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ki gen otis, administratè, pwofesè, paraprofesyonèl, ajans kominotè, patnè edikasyonèl, reprezantan biznis lokal ak nasyonal
KISA:
5yèm Bal Anyèl pou Elèv Lekòl Segondè ki gen “Autism Spectrum Disorder (ASD)” (Otis)
KILÈ: 

Jedi 14 me 2015
10è dimaten – 1è nan aprèmidi

KI KOTE: 

University of Miami
Student Activities Center, Grand Ballroom
1330 Miller Drive
Coral Gables, FL 33146

POUKISA:

Apeprè 500 elèv lekòl segondè prale nan evènman enpòtan sa a, ki pral ba yo yon eksperyans inoubliyab pandan elèv ki gen ASD ini yo ansanm pou selebre rityèl enpòtan sa a.

Elèv yo pral patisipe nan eksperyans bal konplè a nan abiye ak toksedo e wòb seremoni, pran yon foto bal, danse mizik yon “disc jockey” (dj) pwofesyonèl ap jwe, e kouwone yon wa ak yon rèn. Kèk elèv ap menm rive nan yon limouzin!

Bal la gratis pou elèv ki gen ASD k ap patisipe, grasa jenewozite ajans kominotè patnè edikasyonèl, ak biznis nasyonal/lokal ki bay fon pou sipòte evènman memorab sa a.   




# # #

15-DGD/259/DF/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès