POUKISA: |
Yo aksepte san (100) pousan elèv lekòl Segondè Akademi iPrep nan kolèj ak inivèsite katran. Elèv yo pral antre nan inivèsite prestijye tankou Emory University, University of California nan Davis, Mount Holyoke, ak Wellesley College. Douz nan elèv yo se premye jenerasyon nan fanmi yo ki prale nan kolèj e senk nan elèv yo se premye moun nan fanmi yo ki gradye nan lekòl segondè. Kòm direktè lekòl la, Sipèentandan Carvalho ap fè yon deklarasyon.
iPrep ofri yon anviwònman aprantisaj ki gen sekirite, ankourajan, e dinamik avèk yon kourikoulòm rijid, rich avèk teknoloji, ki konsantre sou eksperyans karyè pratik, ki finalman pwodui elèv ki resevwa ladrès ak konesans nesesè pou yo vin responsab, sitwayen global ki reyisi.
|