POUKISA: |
Claudia Lewis te kòmanse karyè li avèk M-DCPS an 1965 – lè Lyndon B Johnson te prezidan, pri mwayèn yon kay nèf te $13,000, yon galon gaz regilye te 31 santim e fim, “The Sound of Music” te fèk soti. Yon demi syèk pita, Madan Lewis ap prepare l pou retrete.
Pandan semèn apresyasyon pwofesè a, nou envite w nan salklas dezyèm ane eskolè Madan Lewis la pou fè yon premye koudèy sou kalite yon gran pwofesè ki dedye pifò vi li nan anseye timoun nou yo. Ap gen yon prezantasyon espesyal tou.
|