|
M-DCPS RESEVWA $55,000 DONASYON NAN MEN WELLS FARGO Nan reyinyon Komisyon Konsèy Lekòl jodi a, Lekòl Leta Miami-Dade County te resevwa yon chèk pou $55,000 kòm yon kado nan men biznis Wells Fargo ki ap travay atravè Pwogram Koneksyon Kominotè yo. Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Patenarya ant biznis ak lekòl esansyèl pou edikasyon piblik… Biznis envesti nan kominote lè yo envesti nan edikasyon. Sipò ak patisipasyon òganizasyon sektè prive tankou Wells Fargo kontribye nan inisyativ anrichisman akademik ki prepare elèv nou yo pou siksè nan salklas la e evantyèlman nan mendèv global la.” Chak ane, yo bay chak nan biznis Wells Fargo ak ekip biznis bankè yo yon don $1,000 pou chwazi yon òganizasyon ki pa la pou pwofi oubyen yon lekòl yo chwazi pou resevwa kado a. Ane sa a, yo te chwazi 55 lekòl leta Miami-Dade County pou resevwa kado a, ki totalize $55,000. Prezidan Rejyonal Sid Florid Wells Fargo Joe Atkinson di, “Nou fyè pou n sipòte M-DCPS avèk don sa a... Nan Wells Fargo, nou pran angajman pou sipòte pwogram ak òganizasyon nou kwè ki enpòtan pou devlopman kominote nou yo, ranfòse vitalite yo ak chans yo pou siksè.” Ane sa a, Wells Fargo pral bay plis pase 600 òganizasyon ak lekòl ki pa la pou pwofi atravè Florid plis pase $600,000. Don yo fè pati pi gran sipò konpayi a pou kominote li yo. An 2014, Wells Fargo te envesti plis pase $11 milyon dola nan òganizasyon ak lekòl ki pa la pou pwofi e manm nan ekip yo te bay 85,000 èdtan kòm volontè nan eta nou an.
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho (mitan), pran foto avèk Sipèentandan Rejyon M-DCPS ak egzekitif Wells Fargo, resevwa yon chèck $55,000 an sipò pou Lekòl Leta Miami-Dade County. ### 15-DGD/272/TC/RL
|