|
“INTERNATIONAL STUDIES PREPARATORY ACADEMY (ISPA)” RANPÒTE PRIM “COLEGIO DEL AÑO” BIWO EDIKASYON ANBASAD ESPAY BAY Yo chwazi “International Studies Preparatory Academy (ISPA)” (Akademi Preparatwa Etid Entènasyonal) kòm Lekòl Segondè Gayan Prim “Colegio del Año” yo bay atravè Anbasad Espay Ozetazini. Yo te kreye prim distenge sa a pou rekonpanse ekselans akademik pami lekòl nan peyi a ki ap aktyèlman enplemante pwogram bileng nan sèvi ak toude, enstriksyon ann Anglè e ann Espayòl. Se Biwo Edikasyon Anbasad Espay ki òganize e kowòdine konpetisyon an pou prim sa a. Alejandro Pérez, Direktè ISPA ki pral vayaje nan kapital peyi a pou l resevwa prim nan nan yon seremoni Anbasad Espayòl la di, “Kòm direktè fondatè gran akademi (ISPA) sa a, mwen gen anpil plezi e mwen onore pou m resevwa nan non li prim nan nivo entènasyonal sa a. Yon rekonesans ekselan konsa bay akademi nou an distenksyon e onè li byen merite kòm yon enstitisyon edikasyonèl e li dwe sèvi kòm yon ankourajman pou pwofesè ak elèv devwe nou yo eksele pi plis toujou pase sa yo deja fè jiska prezan”. Pwogram Entènasyonal nan ISPA a se sèl pwogram ki konsa nan Lekòl Leta Miami-Dade County kote elèv pousuiv etid lang mondyal anplis yon kourikoulòm akademik avèk yon konsantrasyon entènasyonal ki adrese estanda rijid ki gouvène sistèm edikasyonèl Etazini ak Inyon Ewopeyen yo.
### 15-DGD/279/TC/RL
|