|
“MIAMI-DADE COUNTY YOUTH FAIR AND EXPO” FINANSE PRIM BOUSETID FONDASYON ELIE WIESEL NAN KONKOU REDAKSYON SOU ETIK “Miami-Dade County Youth Fair and Expo” (Fwa ak Ekspozisyon Jèn Miami-Dade County) finanse Prim Fondasyon Elie Wiesel nan Konkou Redaksyon sou etik ki ouvè pou elèv twazyèm ane ak dènye ane lekòl segondè nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Segondè Miami-Dade County). Yo baze konkou redaksyon an sou yon konkou nivo kolèj nasyonal ki ankouraje elèv aplike apèl pou aksyon, gayan Prim Nobel Lapè Elie Wiesel te lanse, “think higher, feel deeper” (panse pi wo, santi w pi byen) konsènan pwoblèm etik ijan y ap konfwonte nan mond la jodi a. Yo te anonse gayan bousetid yo mèkredi 20 me dènye, e yo se: De moun ki vin an dezyèm chak resevwa, yon bousetid $250: Senk finalis chak resevwa, yon prim $50: Msye. Wiesel te chwazi 10 finalis yo li menm e li te voye yon mesaj pèsonèl ba yo atravè yon videyo yo te prezante nan seremoni prim “The Betsy-South Beach” te fè. Seremoni an te gen ladan mesaj Sipèentandan Lekòl yo Alberto Carvalho, Prezidan e Ofisye Egzekitif Anchèf Youth Fair Robert Hohenstein, reprezantan LRN Jean-Marc Levy ki soti New York City, ak Jonathan Plutzik, pwopriyetè The Betsy-South Beach ak Dtè. Lawrence S. Feldman, Vis Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl la.
### 15-DGD/282/TC/RL
|