POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 29 me 2015

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

LEKÒL SEGONDÈ MIAMI JACKSON AP ONORE DE ELÈV APRÈ LAMÒ YO NAN GRADYASYON

KIYÈS: 
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho; Direktè Lekòl Segondè Miami Jackson Carlos Rios Jr., paran de (2) elèv Miami Jackson yo te tiye, Pedro Uriarte ak Bryan Herrera; reprezantan Distri a; elèv segondè Jackson ki ap gradye
KISA:
Lekòl Segondè Miami Jackson pral remèt paran de (2) elèv, Pedro Uriarte ak Bryan Herrera diplòm yo aprè lamò yo
KILÈ: 

2 jen 2015
3è nan aprèmidi

KI KOTE: 

Knight Concert Hall
Adrienne Arsht Center
1300 Biscayne Blvd
Miami, FL 33132     

POUKISA:

Pedro Uriarte te gen sèlman 18 an lè yon agresè enkoni te tire li 30 novanm 2014 pandan li t ap mache kot yon lekòl elemantè toupre Wynwood yon dimanch aprèmidi. Moun te premye panse yo te tiye l pou kas odyo li a. Pedro pa t ka tann pou l gradye e li te reve pou l al nan kolèj e vin yon kontab. 

Bryan Herrera, te gen sèlman 16 an, lè li t ap kondui bekàn li al kay yon zanmi pou l fini devwa li lè yo te tire li gwo lajounen jou 22 desanm 2012, nan entèseksyon Nòdwès 11yèm avni ak 39yèm Ri. Li te yon elèv entèlijan, ki te fè sèlman A nan Lekòl Segondè Miami Jackson, e moun te dekri li kòm yon “timoun dou.”

KONTAK: Direktè Carlos Rios Jr., nan 305-634-2621; oubyen crios@dadeschools.net.

# # #

14-DGD/041/DF/CF

 

Retounen sou Nòt pou Laprès