POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 8 jen 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

EDE FONDASYON POU NOUVO INISYATIV NAN EDIKASYON
RANPÒTE $75,000 NAN MEN DSW

Yo ofisyèlman chwazi “The Foundation for New Education Initiatives, Inc. (FNEI)” (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon) kòm yon finalis pou Pwogram Leave Your Mark”Kite Mak Ou“Designer Shoe Warehouse’s (DSW) Shoe Lovers Care”. Leave your Mark se yon pwogram filantwopik ki pèmèt anplwaye DSW nan tout peyi a nonmen òganizasyon ki pa la pou pwofi yo santi yo pasyone pou yo sipòte. DSW lè sa a chwazi uit finalis pami plizyè òganizasyon anplwaye yo soumèt. 
 
Antite ki pa la pou pwofi ki resevwa plis vòt sou ShoeLoversCare.com pral resevwa yon donasyon $75,000 nan men DSW. Vòt la ouvè kounye a pou piblik la e li ap fini 16 jen a 11:59 nan aswè. Ou ka vote yon fwa pa jou.
 
Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County te kreye FNEI an 2008 pou amelyore akonplisman elèv ak patisipasyon kominotè nan sipòte Akademi Paran An ak lòt inisyativ edikasyonèl Lekòl Leta Miami-Dade County. Chak ane, yo prezante plizyè milye elèv bay yon seri enstitisyon kiltirèl ak ar nan kominote a atravè Pwogram Paspò Kiltirèl la.  FNEI sipòte tou pwogram bousetid ak teknoloji. 

###

15-DGD/294/TC/RL 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès