|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 10 jen 2015 |
KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
NOU RETIRE DIREKTÈ LEKÒL SEGONDÈ NORTH MIAMI SENIOR LA NAN POZISYON DIREKTÈ A
Nou retire Direktè Lekòl Segondè North Miami Senior, Alberto Iber nan pozisyon direktè a. Anplwaye Lekòl Leta Miami-Dade County yo dwe kenbe yon estanda ki trè wo, e selon règleman Komisyon Konsèy Lekòl la, yo dwe konpòte yo, pèsonèlman e pwofesyonèlman, nan yon fason ki reprezante valè debaz distri lekòl la.
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Jijman egal onètete… Ensansiblite – entansyonèl ou pa – toude inakseptab e yo an kontradiksyon avèk règleman nou yo, men sa ki pi enpòtan an, avèk konpòtman bon sans nou ap atann ki leve nivo diyite ak imanite tout moun, kòmanse avèk timoun yo.”
Nou ap pibliye non moun ki pral ranplase direktè a avan lontan.
###
15-DGD/298/JJS/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |