POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 16 jen 2015 

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS REMANYE FONKSYONMAN, RESPONSABLITE ANPLWAYE

Nan reyinyon espesyal Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County an yè, Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te prezante yon revizyon re-estriktirasyon nan remanye fonksyon Distri a ki tradui a yon reòganizasyon ki vize reyaliyman bi fonksyon ak pozisyon yo. Reòganizasyon sa a ap pèmèt distri lekòl la ekonomize plis pase $6.5 milyon.

Nan pwosesis la, reyòganizasyon an ap elimine repetisyon e diplikata sèvis; pwomote e ogmante transparans nan fonksyon ak jesyon distri lekòl la; mete plis atansyom sou edikasyon timoun bonè; e ede aliyen pwogram ar ak mizik etou syans, ki ap retire  li nan STEM pou li ale nan STEAM, ki ap ede redui pwosesis akizisyon an.

Sipèentandan Alberto M. Carvalho di, “Atravè efikasite, estrateji, aliyman e re-envestisman nan pwoteksyon e agrandisman pwogram nan lekòl, plan reyòganizasyon sa a ap pèmèt Komisyon Konsèy Lekòl la ekonomize plis pase $6 milyon”.

Komisyon Konsèy la te apwove plan ak alinanimite.

###

15-DGD/304/TC/CF

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès