|
WIKENN KONJE NAN PEYE TAKS FLORID AP KÒMANSE 1YE RIVE 3 OUT 2014 Senk ane desa, Lejislatè nan Florid otorize yon twa jou wikenn “konje nan peye taks” pou founiti klasik debaz, rad, ak sèten aparèy elektwonik nan antisipasyon pou nouvo ane lekòl la. Ane sa a vant konje nan peye taks sou lavant la ap kòmanse a 12:01 dimaten nan vandredi 1ye out 2014 e pou fini a 11:59 diswa nan dimanch 3 out 2014. Diran peryòd sa a, lwa Florid mande pou pa gen taks oubyen opsyon taks lokal (yo konnen li tou kòm chaj frè lavant diskresyonè) kote yo ap kolekte taks pou acha: Pami founiti klasik yo pèmèt yo se: Klasè/katap, kalkilatris, papye transparan, kasèt, CD vèj, papye pou desen, bwat manje, papye pou ranpli katab, papye pou afiche ak sizo. Atik pou founiti klasik yo PA Apwouve nan pa peye taks gen ladan: liv yo pa mete nan lis pou pa peye taks, papye pou òdinatè, papye likid pou koreksyon-plim; tep-adezif; papye pou enprimant, klipsè ak klips. Pwopozisyon Chèmann Lekòl Leta Miami-Dade County Perla Tabares Hantman te apwouve alinanimite pou pwomote konje sa a pou fanmi yo nan reyinyon Komisyon Konsèy an jen 2014 la. ### 11-JJS/445/HD/CM
|