Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
1/16/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl la Apwouve Kontra pou Twa Pwojè GOB Ki Vo $16.5 Milyon

Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade apwouve komisyònman achitèk ak manadjè konstriksyon ki gen rapò ak twa pwojè “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) ki vo apwoksimativman $13.7 milyon, e li bay yon kontra pou yon pwojè ki vo $3.8 milyon nan reyinyon mansyèl regilye li a yè.

Votè yo te apwouve an gran majorite GOB a an 2012 pou renove, remodle e ranplase lekòl; ogmante kantite elèv; amelyore sekirite; e modènize teknoloji. Sa k ap suiv yo se detay pwojè yo: 


Lekòl Mwayen Carol City
– Dimansyon travay yo pwopoze a gen ladan, men li pa limite a, ranplasman fenèt anfè/aliminyòm nou chwazi; eleman “heating, ventilation, and air conditioning (HVAC)” (chofaj, vantilasyon, ak klimatizè); nouvo kamera sekirite; ranplasman pòt deyò, enstalasyon limyè, sansè alam, detektè mouvman, siyal ijans pou sòti; pentire deyò/anndan ak refè sifas e retrase teren baskètbòl yo.

Alokasyon total pwojè a - $3.2 milyon                                            Li ap Fini an – Mas 2022

 

Patisipasyon Total Sou-Konsiltan S/MBE: 22.5 pousan

 

Patisipasyon Total Sou-Konsiltan M/WBE 18.1 pousan

Sant K-8 Leisure City– Dimansyon travay yo pwopoze a gen ladan, men li pa limite a, demolisyon pòtab ak kay pou PE; restorasyon andwa a; nouvo kay ak ekipman PE e pasaj ak kouvèti pou pyeton; ranplasman teren jwèt la; kouvri nouvo sifas teren yo refè yo; enstalasyon fenèt ki ka reziste chòk; remodle twalèt nou chwazi; plafon akoustik avèk enstalasyon limyè LED; ranplasman alam dife ki deja la; pentire deyò tout lekòl la; mete nouvo kouch siman e retrase teren pakin nan ak kote pou depoze e al chèche elèv yo.  

Alokasyon total pwojè a - $6.7 milyon                                            Li ap Fini an – jiyè 2022

Patisipasyon Total Sou-Konsiltan S/MBE: 20 pousan

Patisipasyo Total Sou-Konsiltan M/WBE 10 pousan

 

Lekòl Elemantè Pinecrest – Dimansyon travay la gen ladan, pentire anndan ak deyò tout kanpous la; ranplasman fenèt, HVAC, plafon ak limyè kèk kote nou chwazi, renovasyon sistèm chofaj prensipal la, bifèt, planche, pano elektrik, twalèt ak sant medya a, ak divès lòt modènizasyon atravè tout lekòl la.

Alokasyon total pwojè a - $3.8 milyon                                            Li ap Fini an – Me 2021

 

Patisipasyon Total Sou-Konsiltan S/MBE: 44.7 pousan

 

Patisipasyon Total Sou-Konsiltan M/WBE 13.5 pousan


Pou dènye enfòmasyon yo, silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la nan aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho.

 

 


# # #

20-DGD/107/HD/RL

Follow us