Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
2/14/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Resevwa Don pou Twazan pou Ogmante Reprezantasyon Afriken-Ameriken nan STEM

Yo nonmen “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) kòm youn nan sèt benefisyè Don Inisyativ STEM pou Jèn Afriken Ameriken nan men NAF, e sa te fèt gras ak ‘Fund II Foundation.’ Seleksyon M-DCPS la te baze sou plan enteresan li genyen pou elaji opòtinite nan STEM pou popilasyon elèv Afriken-Ameriken li yo nan akademi NAF yo. Chak distri lekòl ap resevwa jiska $225,000.

 

Akademi NAF STEM nan twa lekòl M-DCPS: Enfòmatik ak Jeni Akselere nan American Senior High; Jeni ak Syans Sante nan North Miami Senior High; ak Enfòmatik nan North Miami Beach Senior High pral enplemante estrateji ak aktivite atravè pwogram li yo pou ranfòse antrepriz, edikasyon apre lekòl segondè ak angajman kominotè pou ofri plis opòtinite estaj pou elèv Afriken-Ameriken. Chak lekòl pran angajman tou pou ogmante kantite elèv Afriken-Ameriken ki fè Sètifikasyon ‘NAFTrack,’ yon akreditasyon endistri yo rekonèt, ki fè anplwayè yo konnen elèv sa a gen yon kalifikasyon eksepsyonèl.

 

Lisette Alves, Asistan Sipèentandan, ‘Division of Academics’ di, “Don sa a pral pèmèt nou ogmante reprezantasyon elèv Afriken-Ameriken pou yo ka akonpli siksè nan karyè STEM yo nan lavni.” 

 

Yo te kreye Inisyativ STEM pou Jèn Afriken Ameriken yo pou adrese efè kaskad to gradyasyon ki ba nan lekòl segondè ak mank resous pou preparasyon kolèj ak karyè pou jèn Ozetazini. 


Fund II Foundation’ ofri don pou òganizasyon byenfezans piblik ‘501(c)3’ pou prezève richès kiltirèl eksperyans Afriken-Ameriken an pou pwoteje diyite moun e pèmèt sa ki pa gen vwa yo eksprime yo ak pwoteje dwa yo. NAF se yon rezo nasyonal lidè nan edikasyon, biznis, ak kominote ki travay ansanm pou asire elèv lekòl segondè yo pare pou kolèj, karyè, e pou lavni. Pou plis enfòmasyon konsènan Akademi NAF nan Lekòl Leta Miami-Dade County, silvouplè vizite: dcte.dadeschools.net.

 

Pou dènye enfòmasyon yo, silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aprarèy  iPhone oubyen Android ou.  Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools akAlbertoCarvalho.

 


# # #

20-DGD/129/HD/CM

Follow us