Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
3/21/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Revize Semèn Aprantisaj a Distans la ak Adrese Vakans Prentan an e Pi Lwen

Pandan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County)  ap fè fas ak sikonstans ki san parèy, akoz COVID-19 (coronavirus) la, plizyè santèn milye elèv lekòl leta, sou direksyon pwofesè ak sipò paran e moun ki ap pran swen yo, fini premye semèn aprantisaj a distans la.  

Silvouplè klike la a HERE pou w wè mesaj videyo Sipèentandan Carvalho voye bay elèv, fanmi, ak anplwaye M-DCPS yo.

Livrezon Enstriksyonèl

Aprè Vakans Prentan, 30 mas la, nou ap rekòmanse ak aprantisaj a distans nan M-DCPS, e nou ankouraje paran ak moun ki ap pran swen timoun yo pou yo fasilite aprantisaj lakay la sou direksyon pwofesè timoun nan. Tousuit yo fini avèk aprantisaj lakay la, fanmi yo dwe espere yo pral jwenn menm kalite eksperyans yo te genyen pandan premye semèn (16 mas – 20 mas) la.

M-DCPS pran angajman pou li asire li bay pi wo nivo akademik ekselans, kèlkeswa sikonstans yo; e aktyèlman li ap devlope dezyèm faz plan aprantisaj a distans li a, ki pral bay sipò adisyonèl ak gid pou elèv ak fanmi yo. Enfòmasyon konsènan faz 2 plan an ap vini apre.  

Elèv ak paran yo ka jwenn aksè sou plan detaye “Instructional Continuity Plan (ICP)” (plan kontinite enstriksyonèl) M-DCPS la lè yo ale nan http://icp.dadeschools.net/.  Kòm yon pati nan plan nou etabli a, Distri a te adapte kontni yo tou pou yo ka aksesib pou elèv ki gen bezwen espesyal ak Elèv ki ap Aprann Lang Anglè. Elèv yo ka jwenn aksè sou aplikasyon yo atravè Pòtal Elèv la.

Nou ap jwenn yon paj enfòmasyon sou kesyon moun poze souvan ki gen rapò ak aprantisaj a distans nan http://covid19.dadeschools.net.

Liy Enfòmasyon pou Aprantisaj a Distans (305-995-HELP) la te pran plis pase 2,200 apèl, e li ap rekòmanse fonksyone apre Vakans Prentan yo, Lendi - Vandredi 8è dimaten – 4è nan aprèmidi.

Pwogram Edikasyonèl WLRN

M-DCPS ak Medya Piblik WLRN ap lanse Aprantisaj Lakay, yon nouvo orè pwogramasyon edikasyonèl sou WLRN ki konplemante plan aprantisaj a distans distri a. Nouvo orè televizyon semèn nan ap kòmanse difize lendi 30 mas 2020 kòmanse 8è dimaten pou 6è diswa.

Aprantisaj Lakay la, gratis e li aksesib nan nenpòt televizyon, li delivre pwogram edikasyonèl ki apwopriye a diferan gwoup laj atravè yon medyòm familye ki sipòte ICP. Pwogramasyon nouvo orè a ap gen ladan blòk tan espesifik pou nivo klas matènèl jiska 12èm ane eskolè e li ap kouvri sijè, ki gen ladan Lekti/Redaksyon lang Anglè, etid sosyal, syans ak matematik.

Gen modifikasyon ki ap fèt nan pwogram nan atravè dire fèmti lekòl la e li pral adrese yon varyete kontni sijè edikasyonèl. Edikatè ak paran yo pral gen aksè sou plan leson siplemantè ak materyèl kourikoulòm yo pou fasilite itilizasyon kontni ki fè sans atravè https://florida.pbslearningmedia.org/.

Vizite www.wlrn.org/athomelearning pou plis enfòmasyon konsènan orè pwogramasyon modifye a ak resous ki disponib sou Entènèt.

Edikasyon Adilt

M-DCPS ap prepare pou egzekite yon plan aprantisaj a distans kòmanse 30 mas, pou karyè adilt ak edikasyon teknik, baze sou fleksiblite finansman “Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatman Edikasyon Florid) bay. Tout pwofesè ak elèv adilt yo ka jwenn aksè sou kontni leson enstriksyonèl ak resous, ak lyen espesifik aktif pou pwogram yo atravè sit Entènèt espesifik sant edikasyon adilt ak kolèj teknik la.

Distribisyon ak Konektivite Aparèy yo

Depi vandredi 13 mas, M-DCPS te bay plis pase 56,000 aparèy pou asire l tout elèv ap patisipe nan aprantisaj a distans. Pandan dat limit pou elèv yo te resevwa oubyen chanje aparèy yo te deja genyen an ekspire jodi a; apre Vakans Prentan an M-DCPS pral kontinye distribye aparèy nan plizyè andwa lekòl segondè nan zòn nò, sant, ak sid konte a.  Elèv ki toujou bezwen aprarèy dwe kontakte direktè/tris yo pou plis enfòmasyon.

Distri a ap kontinye kolabore ak patnè nan sektè prive ak piblik la pou asire yo adrese zòn jewografik ki manke konektivite Entènèt yo, pou elimine kèlkeswa pwoblèm dijital ki te ka egziste. M-DCPS ap travay aktyèlman pou ajoute plis liy enfòmasyon pou pwofesè, elèv, ak paran pou adrese pwoblèm konektivite a espesifikman. 

Anplis, Comcast ap kontinye ofri ‘Wi-Fi’ gratis atravè ‘Xfinity hotspots’ kote sèvis Xfinity disponib pou 60 jou. Nou ajoute sa anplis sou Pwogram Fondamantal Asistans Entènèt nòmal la, $9.95 chak mwa a, ki pral bay yon modèm nan kay la ak 60 jou sèvis gratis pou fanmi M-DCPS ki pa gen gwo mwayen ki kalifye.

Nou rekòmande seryezman pou moun ki gen bezwen yo pou yo patisipe nan pwogram sa a. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou sèvis Entènèt gratis sa a nan  http://distancelearning.dadeschools.net/. Aksè koneksyon ‘WiFi’ gratis la atravè ‘hotspots’ la ta dwe limite pou sèvis edikasyonèl oubyen lòt fonksyon esansyèl sante ak sekirite. Comcast dakò tou pou yo bay fleksibilite sou frè pou peman an reta ak opsyon peman yo. Moun ki gen difikilte pou peye pou sèvis Entènèt yo dwe kontakte 1-800-Comcast.

Notifikasyon pou Pwogram Magnet

Nou ap notifye elèv ki te aplike pou admisyon nan lekòl/pwogram magnet yo lendi 30 mas. Elèv yo ap resevwa yon lèt elektwonik oubyen yon lèt postal avèk kondisyon aplikasyon yo si yo te aplike pa lapòs. Ou ka jwenn plis enfòmasyon nan miamimagnets.org/questions.

Egzamen AP, IB, SAT  

Nou ap notifye elèv ki te aplike pou egzamen ‘‘Advanced Placement AP’’ (Plasman Avanse) yo sou kondisyon aplikasyon yo vè 30 mas. Elèv ki te aplike pou egzamen AP a sou Entènèt ap resevwa yon lèt elektwonik pandan sa ki te aplike pa lapòs yo ap resevwa respons yo pa lapòs. Kòmanse 30 mas, liy enfòmasyon 305-995-HELP la pral gen ladan anplwaye devwe ki pral reponn nenpòt kesyon ou ta genyen. Kontakte lekòl pitit ou a pou plis enfòmasyon.

Nou ap pran yon desizyon pa pita pase 27 mas 2020 konsènan sesyon egzamen Bakaloreya Entènasyonal ak pòsyon ki disponib pou lekòl ak elèv yo.

Komisyon Kolèj la anile administrasyon egzamen SAT yo ak Sijè Egzamen SAT ki te pwograme pou 2 me 2020 yo. Egzamen ratrapaj ki te pwograme pou 28 mas yo anile tou. Egzamen ki te pwograme pou 6 jen 2020 an, pa anile. Komisyon Kolèj la ak Khan Academy ap kontinye bay resous gratis sou Entènèt, ki gen ladan tout egzamen pratik konplè yo ak zouti aprantisaj pèsonifye.

Distribisyon Manje pou Elèv ak Fanmi

Pandan premye semèn fèmti lekòl yo, anplwaye sèvis manje M-DCPS yo te distribye plis pase 200,000 repa cho pou elèv pote lakay, nan tout andwa lekòl yo.

Pandan Vakans Prentan an, Distri a te travay avèk òganizasyon ki pa la pou pwofi, ‘Farm Share’, ‘Feeding South Florida’, ak ‘Share Your Heart’ pou fasilite nitrisyon pou kominote a pou semèn nan. Nou ka jwenn lyen pou kalandriye òganizasyon yo nan covid19.dadeschools.net.

Kòmanse 30 mas, n ap kontinye distribye repa tou pare pou pote lakay nan 31 lekòl atravè distri a, lendi jiska vandredi, soti 4è nan aprèmidi – 7è diswa. Nou chwazi lè sa yo pou nou pa deranje aprantisaj a distans la. Nou ap poste lis distribisyon manje a sou sit Entènèt COVID-19 distri a nan jou ki ap vini yo.

Sanitasyon Lekòl yo

Ekip ki gen ant 20 a 30 gadyen, anba sipèvizyon gadyen prensipal la, ap kontinye dezenfekte lekòl yo chak jou. Ekip yo te dezenfekte plis pase 49 lekòl nan premye semèn nan, nan itilize dezenfektan lopital sèvi pou netwaye planche, salklas, twalèt, kafeterya, jimnaz, tout zòn komen ak pwen kontak yo; siye e mòpe sifas atè yo e vaporize kote li nesesè. Jiskaprezan, nou rive ranplase 25,000 filtè klimatizè. Ekip yo ap itilize tou pwodui espesyal pou flitè ansanm ak ensektisid pou ede nan efò sanitasyon yo.

Pwojè Amelyorasyon Kapital

Fèmti lekòl yo te pèmèt Distri a akselere egzekisyon pwojè amelyorasyon kapital yo nan tout lekòl. Aktyèlman, genyen 31 pwojè konstriksyon Bon Obligasyon Jeneral nou akselere, sepandan, Distri a prevwa kèk difikilte nan lavni anrapò ak distribisyon materyèl nan sektè prive a.

Anplwaye M-DCPS

Tout anplwaye M-DCPS, eksepte yon kantite anplwaye esansyèl nou seleksyone, ap an Vakans pou Prentan an. Lè yo sot nan Vakans Prentan 30 mas, tout anplwaye yo pral travay a distans  eksepte kèk anplwaye sipèvize imedyat yo ka rele yo pou yo prezante fizikman nan pòs yo.  Pwofesè ak elèv ka atann pou yo kontinye fè sa yo t ap fè pandan semèn sa a, ki se fè entèraksyon avèk youn lòt atravè yon varyete mwayen sou Entènèt, baze sou ICP a.

Distri a ap itilize tout mwayen legal ki disponib pou li konpanse anplwaye ki ap touche pa èdtan yo. Pandan anplwaye sa yo pap prezante nan travay kounye a, kòm yon pati nan Règ 8420 Komisyon Konsèy Lekòl la etabli, konsènan Fèmti Lekòl ann Ijans, nou ap fè tout efò nou pou ofri opòtinite pou anplwaye yo ratrape lè yo pa t travay pandan peryòd ijans la ann apre.

Anplwaye yo, moun ki retrete, ak depandan yo ap gen aksè swen sante san rete. Kouvèti asirans ap kontinye menm si gen yon reta nan abilite pou yo peye frè yo. Lè operasyon nòmal yo rekòmanse, aranjman ap fèt pou peye balans yo. 

Anplwaye ki anwole nan plan sante Distri a pap peye okenn frè nan fon pèsonèl yo pou egzamen COVID-19 la, si li medikalman nesesè.

CDC te bay konsèy sou kesyon vwayaj nan kèk zòn ki gen nivo avètisman ki elve e li te bay enstriksyon espesifik konsènan vwayaj nan bato kwazyè. Distri a rekòmande seryezman pou anplwaye l yo pa vwayaje al nan zòn ki nan Nivo 3 oubyen Nivo 2, e pou yo evite vwayaje nan bato kwazyè. Si anplwaye yo chwazi vwayaje malgre rekòmandasyon sa yo, nou ap chaje yo pou absans yo ann akò avèk pwosedi pewòl ki an plas yo.

M-DCPS Fasilite Gadri pou Travayè Sante yo

M-DCPS ansanm ak YMCA ap kontinye ede nan operasyon sant gadri yo pou pitit anplwaye medikal esansyèl nan ‘Jackson Health’ ak ‘University of Miami Health Systems’. Nou konprann wòl enpòtan paran sa yo ap jwenn nan kominote nou an, se sa ki fè sèvis sa yo ap kontinye pandan Vakans Prentan an e apre.

Efò Defans Federal

Distri a ap kontinye efò defans li nan nivo federal pou gen fleksibilite nan ofri manje pou elèv ak fanmi yo, elajisman aksè Entènèt, ak finansman pou sipòte kontinite sèvis ak soulajman pou anplwaye fèmti lekòl la afekte. M-DCPS ap travay tou pou aleje kèlkeswa rediksyon ki ka fèt nan bidjè a pou ane sa a e ane pwochèn.

Enfòmasyon ki Soti nan Depatman Edikasyon Florid

Tout lekòl K-12 ak kanpous sant karyè ak teknik yo ap rete fèmen jiska 15 avril. Nou anile tout evalyasyon ki pako fèt pou preparasyon lekòl, klas matènèl volontè ak K-12 yo.

Nou ap evalye kondisyon pou gradyasyon ak pwomosyon, ansanm ak nòt final pou kou yo kòmsi evalyasyon sa yo, ki te anile, pa t egziste. Anplis, nou pap kalkile nòt pèfòmans lekòl pou ane akademik 2019-2020 an.

Elijibilite pou bousdetid ‘Florida Bright Futures’ dwe baze sou disponibilite done ak rezilta yo. Egzamen ki pa t disponib pou elèv yo pran yo pap konte. 

Nou redirije fon ki pa depanse nan Kont Bousdetid pou Lekti, Alokasyon pou Enstriksyon Lekti, Alokasyon pou Salklas Dijital ak Pwogram Asistans pou Materyèl Salklas pou Pwofesè pou ede  elèv paran yo pa gen gwo mwayen achte aparèy dijital e etabli sèvis Entènèt. 

Nou ap redirije alokasyon ki pa depanse nan pwogram ‘Safe Schools’ ak ‘Mental Health’ pou mete yo nan sèvis sante mantal sou Entènèt e nan telefòn pou elèv ki bezwen sipò emosyonèl akoz COVID-19. 

Tout pwogram preparasyon pou lekòl, klas matènèl volontè, K-12, sant karye ak teknik, ansanm ak pwogram kolèj nan eta a ki resevwa alokasyon finansman konplè, pou pèmèt anplwaye ak kontraktè yo kapab peye totalman, jiska 30 jen 2020, tankou pa t gen okenn entèripsyon nan edikasyon. 

Resous Telefonik M-DCPS

Liy Operasyon Ijans Distri a: 305-995-3000 (disponib pandan Vakans Prentan an Lendi-Vandredi, soti 9è dimaten – 3è nan aprèmidi)

Liy Asistans Sevis Sante Mantal pou Elèv/Paran: 305-995-7100 (disponib pandan Vakans Prentan an Lendi-Vandredi, soti 9è dimaten – 5è nan aprèmidi)

Pwogram Asistans pou Anplwaye M-DCPS: 305-995-7111 disponib pandan Vakans Prentan an Lendi – Vandredi soti 8è dimaten pou 4:30 nan aprèmidi)

Liy pou Plan Aprantisaj Enstriksyonèl: 305-995-HELP (4357) (ap rekòmanse lendi 30 mas soti 8è dimaten – 4è nan aprèmidi apre Vakans Prentan)

Resous M-DCPS sou Entènèt

http://covid19.dadeschools.net/ - Kontinye ofri dènye enfòmasyon konsènan aksyon M-DCPS ki gen rapò ak epidemi coronavirus la.

http://distancelearning.dadeschools.net/ - Gen ladan enfòmasyon sou Entènèt Comcast gratis ansanm ak bonjan zouti ak gid dijital pou edikatè ak elèv.

http://icp.dadeschools.net/ - Ofri plan M-DCPS pou aprantisaj a distans pou elèv klas matènèl-12èm ane eskolè.

Distri a ap kontinye suiv tout devlopman ki ap fèt nan sitiyasyon sa a ki kontinye ap devlope e nou ap kominike atravè lyen ki anwo yo, ansanm ak mesaj otomatik, anons sou medya ak media sosyal.

Pou dènye enfòmasyon yo, silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho




# # #

20-DGD/163/NZ/SD/CM

Follow us