Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
5/28/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Yo Nonmen Senk Jèn Syantis Briyan M-DCPS kòm Finalis Nan Fwa 2020 ‘Virtual Regeneron International Science and Engineering’

Senk elèv “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te pami sèt finalis “International Science and Engineering Fair (ISEF)” (Fwa Entènasyonal Syans ak Jeni) òganizasyon vityèl “Society for Science & the Public” (Sosyete pou Syans ak Piblik la) ki pa la pou pwofi ak konpayi biyoteknoloji ‘Regeneron’ te òganize.

 

M-DCPS se konte ki te prezante konpetisyon an, ki gen ladan toude, lekòl leta ak prive. De (2) lòt elèv gayan yo te soti nan Westminster Christian. Anba a se senk finalis M-DCPS ki te tou pami gayan 65èm anyèl “South Florida Regional Science and Engineering Fair” (Fwa Rejyonal Sid Florid Syans ak Jeni) an.

 

Finalis

Lekòl

Michael Odzer

Dr. Michael M. Krop Senior High

Tali Finger

Dr. Michael M. Krop Senior High

Zoe Diederich 

Maritime & Science Technology Academy (MAST)

Isabela Perdomo

MAST@FIU BBC

Jordan Umlas

Miami Beach Senior High School

 

Yo te chwazi finalis yo pami meyè pwojè fwa syans Distri yo nan EKSPOZISYON 2020 an, e yo te kapab prezante pwojè syans yo vityèlman ansanm ak pwojè pliyzè milye elèv atravè lemond.  

 

Anplis yo se meyè gayan rejyonal, yo konsidere finalis yo tou kòm ansyen elèv Sosyete a e yo pral pibliye rezime yo sou Etènèt nan baz done Pwojè ISEF yo.

 

Pou plis enfòmasyon sou fwa ak gayan yo, suiv @MDCPSSTEAM.

 

Pou dènye enfòmasyon yo, silouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho.


# # #

20-DGD/186/HD/SD/RL

Follow us