Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
6/4/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Revizyon Ane a nan M-DCPS: Fè Difikilte Tounen Opòtinite

Akoz epidemi global COVID-19 nan, ane lekòl 2019-2020 an te pote ak li fèmti lekòl yon fason ki pwolonje e san parèy, ki te debouche sou yon tranzisyon san pwoblèm nan aprantisaj a distans. Pou “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County), avèk tout kominote a ansanm ak peyi a, 2020 se te yon ane difisil; men tou li te yon tan pou demontre tout sa nou ka akonpli lè yon sistèm lekòl ak edikatè li yo, elèv, paran, ak kominote yo travay ansanm pou benefis timoun nou yo.

 

Malgre kominote a te natirèlman konsantre sou COVID-19 depi mas, M-DCPS te reyalize tou anpil akonplisman remakab nan ane lekòl sa a. Pa egzanm Depatman Edikasyon Florid te deziyen nou kòm yon distri ki fè not "A" pou dezyèm ane youn apre lòt; klasman kòm nimewo en nan peyi a nan Lekti ak Matematik katriyèm ane eskolè nan Kanè Peyi a; e antèt nan eta a pami kantite lekòl segondè kalite siperyè yo, daprè ‘U.S. News and World Report’. Nou detaye gran pwen sa yo plis an anba a.

 

M-DCPS tou te sèvi kòm yon egzanp atravè peyi a pou siksè li nan transfòme operasyon yo rapidman e delivre ansèyman akoz fèmti lekòl pandan pandemi an. Distri a te kreye yon seri estrateji pou adrese e asire bezwen tout elèv, espesyalman elèv ki vilnerab oubyen ki a risk pou tonbe nan regresyon yo.

 

Aprantisaj a Distans

 

Chanjman rapid nan soti nan ansèyman nan salklas pou antre nan ansèyman a distans la te fèt prèske nan yon nwit, e malgre sa, pwofesè, elèv ak paran M-DCPS yo te adapte yo avèk siksè pou asire aprantisaj presye yo pa te pèdi.   

 

Distri a te reyafime angajman li pou asire tout elèv konekte e jiska dat jodi a, elèv yo gen nan men yo, plis pase 119,000 aparèy, ki gen ladan plis pase 9,000 telefòn avèkWiFi’ ki ka itilize kòmhotspots’ pou konektivite. Manm pèsonèl M-DCPS yo te kontak dirèk ak elèv yo, ki gen ladan, vizit lakay pou sansibilize sa yo ki pa t ko angaje nan aprantisaj a distans la. Anvan fen ane lekòl la rive, 100 pousan elèv te gen konektivite. Pandan ete a, eksepte gradye ki diplome yo, tout elèv M-DCPS yo ka kenbe aparèy distri yo pou kontinye aprann.

 

Pousantaj prezans chak jou pandan aprantisaj a distans la te atenn chif enpresyonan 93 pousan, ki konparab ak pousantaj prezans an pèson nan salklas nan menm moman sa a nan dènye ane lekòl la.

 

M-DCPS te enplemante Instructional Continuity Plan (ICP)” (Plan Kontinite Enstriksyonèl) la avèk atant pou elèv yo te kontinye pwogrese nan aprantisaj yo avèk konsiltasyon ak gid pwofesè yo. Distri a te bay pwofesè bonjan devlopman pwofesyonèl entans sou Entènèt pou sipòte chanjman sa a pou antre nan aprantisaj a distans.

 

Nou te ajoute ICP 2.0 a sou plan anvan an avèk objektif pou bay plis gid ak sipò pou yon peryòd fèmti lekòl pwolonje, retounen avèk kontwòl prezans, e bay yon plan pou bay nòt, ki te vize pou itilize konpasyon pou elèv ak fanmi yo.  Elèv ak paran yo kapab atann pou yo resevwa kanè fen ane yo 15 jen 2020 atravè pòtal la ak aplikasyon mobil dadeschools la.

 

Distri a te etabli tou yon Liy Enfòmasyon pou Aprantisaj a Distans ki te bay sipò akademik kontinyèl ann Anglè, Espayòl, ak Kreyòl pou elèv, fanmi, ak pwofesè, e yo te reponn plis pase 16,000 apèl telefonik.

 

Asire Opòtinite pou Ratrapaj Akademik (SOAR)

                                                                                                           

Pandan M-DCPS te travay avèk dilijans pou asire yon tranzisyon san pwoblèm soti nan salklas pou ale nan aprantisaj ki baze lakay, yon regresyon akademik konsiderab ka rive akoz chanjman dramatik nan anviwònman aprantisaj la, espesyalman pou elèv ki te deja gen difikilte akademik. Pandan li difisil pou devine kisa manke kèk mwa nan lekòl lakay la ka vle di pou akonplisman elèv, rechèch sou pèt nan aprantisaj ann ete te bay endis pi enpòtan sou kòman pou adresek enpak potansyèl nan pwolongasyon poz enstriksyon tradisyonèl nan salklas yon fwa elèv yo retounen lekòl.

 

Plan “Securing Opportunities for Academic Recovery (SOAR)” (Opòtinite pou Sekirize Ratrapaj Akademik) se nouvo inisyativ estratejik distri a devlope pou diminye pèt nan aprantisaj pou elèv ki pi frajil li yo. SOAR ap ofri elèv yo opòtinite pou pran kou lekti, remedyasyon, ratrapaj kredi/kou nan ete a, ak sèvis ane lekòl pwolonje; yo bay preparasyon tès a distans ak leson patikilye pou elèv adisyonèl ki rate evalyasyon espesifik; e pou ouvè lekòl bonè, daprè règleman otorite sante federal ak eta yo bay, espesyalman pou elèv ki demontre nivo pèfomans akademik ki ba, elèv ki gen andikap, ak elèv ki ap Aprann Lang Anglè. Inisyativ sa yo ap pèmèt enstriksyon entans sou ladrès ki nesesè nan sijè akademik debaz yo pou nouvo nivo klas yo, konsa tout elèv ka deja prepare pou fè siksè akademik.

 

Distri a ap planifye tou pou li ogmante kantite lekòl ki patisipe nan pwogram ane lekòl pwolonje yo, e pou kòmanse lekòl samdi yo pi bonè nan ane a pou ogmante tan ansèyman an. Si lekòl yo ta dwe rete fèmen pandan faz sa a, nou ap konvèti plan sa yo nan yon modèl a distans. Ou ka jwenn plan SOAR la nan soar.dadeschools.net.

 

Distribisyon Manje

 

Depi premye jou fèmti lekòl yo, 16 mas, M-DCPS te distribiye prèske 4 milyon “repa pou ale lakay" atravè distri a pou elèv ak fanmi ki nan bezwen. Anplwaye M-DCPS yo te reponn apèl pou ede pandan tan estrès sa a nan kominote nou an, yo te distribye manje nan andwa lekòl nou chwazi atravè konte a. Distribisyon manje a pral kontinye nan menm nivo yo nan tout 50 andwa lekòl nou chwazi yo pandan mwa ete yo, madi ak vandredi kòmanse 10è dimaten pou 1è nan aprèmidi.

 

Distri a te fè patenarya tou avèk donatè endividyèl, òganizasyon lokal, ak restoran pou bay plizyè milye repa adisyonèl pou timoun ak fanmi yo. Avèk donasyon lajan yo, nou te achte manje nan restoran yo, ki sipòte endistri ospitalite a ak ekonomi lokal la pandan nou ap livre pla manje cho ak sache pwodui fre bay fanmi yo. Depi kòmanse 25 mas, nou te livre plis pase 41,000 pla manje cho nan kay ki nan kominote ki pi frajil yo atravè pwogram Manje Fanmi pou Ale Lakay. Nou te ranmase plis pase $1.1 milyon pou inisyativ sa a.

 

Amelyorasyon ak Sanitizasyon Etablisman yo

 

Fèmti lekòl la te pèmèt M-DCPS akselere pwojè konstriksyon ak aktivite antretyen anvan elèv ak pwofesè yo retounen nan salklas. Nou te akselere konstriksyon nan 39 andwa lekòl, avèk apwoksimativman 300-530 travayè ki te sou chantye travay la chak jou, ki te fasilite travay estab pou divès kalite kontraktè. Genyen tou plizyè pwojè ki nan faz apèl òf, ki pral jenere plis opòtinite travay, ak gwo objektif pou itilizasyon biznis lokal, minorite ak ti biznis. Sekirite te toujou, e li ap kontinye pi gwo sousi distri a.  Nou te mete sou plas pwotokòl rijid pou suiv gid sante piblik yo, pou priyorize sante ak byennèt tout travayè ki sou chantye yo.

 

Rive 13 me, M-DCPS fini 229 pwojè prensipal e li akselere 627 pwojè, ki totalize 856 pwojè. Depans yo totalize $795 milyon, avèk $60.4 milyon ki sou kontra.

 

M-DCPS te konsantre tou avèk dilijans sou efò antretyen ak sanitasyon nan andwa lekòl atravè Distri a, avèk travayè ki ap travay san pran souf pandan yo tou ap suiv gid distans sosyal yo e nan itilize ekipman pwoteksyon pèsonèl. Efò sa yo ap kontinye pandan mwa ete yo.

 

Plan Preparasyon pou Re-ouvèti Lekòl

 

Menm anvan fen ane lekòl 2019-2020 an, Distri a te deja ap travay di pou planifye retou nan salklas la ann otòn nan asire sekirite elèv ak anplwaye yo. Plis pase 100,000 paran/gadyen te ranpli yon sondaj sou Entènèt, ki te bay opinyon dirèk sou aspè re-ouvèti lekòl yo, ki gen ladan orè varye, transpò, ak pratik ijyèn pou elèv yo.

 

Yon gwoup travayè medikal, ekspè lojistik ak edikasyon pral revize tou rekòmandasyon pou retou lekòl la, avèk atant sa yo ka chanje pandan mwa ete yo daprè fason pandemi an ap evolye. Pami opsyon yo ap konsidere yo genyen:

 

Rediksyon dansite ak konsepsyon efikasite fonksyònman lekòl: itilizasyon estratejik  kantite pye kare espas ki deja egziste yo pou ogmante distans sosyal ak rekòmandasyon sekirite ki gen rapò ak itilizasyon jimnazyòm, kafeterya, ak lòt gwo zòn komen yo.

 

Transpò: ajoute e modifye wout otobis yo pou pèmèt distans sosyal.

 

Modèl Aprantisaj Ibride/Konbine: yon modèl retou lekòl fizik konbine ki konsidere preferans kèk paran pou kontinye aprantisaj a distans yon fwa lekòl re-ouvè; kòmanse orè varye yo ak tranzisyon tan nan klas yo; efò pou diminye rasanbleman nan koulwa/zòn komen yo atravè diferan orè ak yon koridò sans inik; ak lòt opsyon salklas deyò.

 

Pwotokòl pou Byennèt, Tès Sante, Rapò sou Kondisyon Sante: dispozisyon ak itilizasyonPersonal Protective Equipment (PPE)” (Ekipman Pwoteksyon Pèsonèl) jan sa apwopriye; tcheke tanperati chak jou anvan yo antre nan otobis ak bilding lekòl yo; rapòte maladi elèv ak fanmi, ak anplwaye yo; kondisyon vaksen; pwotokòl ijyèn pesonèl ki gen ladan orè obligatwa pou lave men; ak amelyore sipò sante sosyal emosyonèl ak mantal elèv yo.

 

Distri a ap prezante rekòmandasyon re-ouvèti lekòl li yo bay Komisyon Konsèy Lekòl la nan mwa Jen 2020.

 

 Sèvis Sante Mantal

 

Nan ane sa a nou wè yon agrandisman nan Depatman Sèvis Sante Mantal la, nou te etabli an 2018 pou kowòdone e fasilite sèvis ant lekòl yo ak ajans kominotè yo e asire, elèv yo refere pou sèvis sante mantal yo, jwenn sèvis. Depatman an ede nenpòt moun ki ka santi l depase oubyen li pa kapab fè fas ak emosyon li. Gen èd ki disponib ann Anglè, Espayòl, ak Kreyòl atravè lit telefòn pou asistans la.

 

Pandan fèmti lekòl yo, kowòdonatè yo te fè konsiltasyon a distans ak vizit byennèt pou elèv ak fanmi yo. Anplis, Polis Lekòl la te fè tchèk sou byennèt pou fasilite rekòmandasyon elèv pou sèvis, jan sa nesesè.

 

Fòmasyon Distri a fè sou Sansibilizasyon nan Sante Mantal te bay prèv li se yon benefis pandan epòk sa a, pandan anplwaye, paran ak elèv  ki te kontakte nou pou refere yon elèv, baze sou yon bagay yo te note yo panse ki enkyetan atravè mesaj tèks, lèt, kominikasyon nan telefòn oubyen a distans.

 

Resous pou Paran

 

Akademi Paran M-DCPS la ofri e kontinye devlope resous pou fanmi sipòte pitit yo ann Anglè, Espayòl, ak Kreyòl. Pami resous sa yo genyen yon Kanpous a Distans ki prezante seminè sou Entènèt ki anrejistre alavans sou fason pou itilize divès pwogram sou Entènèt; “Family Matters” (Fanmi Enpòtan), ki ofri konsèy sou sijè tankou sante mantal, fimen vapè (sigarèt elektwonik) ak resous aprantisaj sou Entènèt; ‘Virtual Family Fund’, ki gen ladan lyen pou anrichi aktivite pou fanmi; ak Repa nan lekòl  pou ede fanmi lokalize adrès distribisyon manje nan M-DCPS ki pi pre yo. Vizite www.parentacademymiami.com pou resous sa yo ak lòt toujou.

 

Gradyasyon a Distans ak Kanpay Rekonesans pou Elèv  Denye Ane yo

 

Machasuiv sante piblik yo lakoz nesesèman anilasyon seremoni gradyasyon an pèson pou ane lekòl sa a; sepandan anplwaye Distri yo te devlope yon plan pou konsève diyite evenman an nan onore gradye M-DCPS yo. Gradyasyon yo ap fèt nan fòma melanje, avèk gradyasyon a distans ki ap kòmanse 8 jen, n ap difize andirèk e sou Chèn 17 WLRN, apre sa ap gen aktivite rekonesans an peson nan lekòl  yo, nan fen ete a oubyen ann ivè. Nou ap jwenn orè seremoni ak difizyon yo nan classof2020.dadeschools.net. Anpil lekòl òganize selebrasyon distribisyon chapo ak tòj sou volan machin yo po upran yo nan fènèt lekòl, e 18 jen 2020, tout lekòl segondè yo ap patisipe nan Jounen Distribisyon Diplòm nan M-DCPS.

 

Distri a te lanse tou yon kanpay sansibilizasyon sou medya sosyal pou onore elèv denye ane segondè yo, ki te abouti ak yon Jounen Rekonesans pou Elèv Dènye Ane yo 20 Me. Te gen divès aktivite sou medya sosyal, tankou prezante yon videyo avèk mesaj felisitasyon selebrite ak atlèt ki gen koneksyon lokal. Televizyon, radyo, ak enstitisyon medya sou Entènèt yo te rekonèt elèv yo tou, nan prezante plis pase 100 elèv denye ane sou diferan platfòm, e yo prezante sitiyasyon espesyal yo dedye ak Klas 2020 M-DCPS LA.

 

Nou te ankouraje lekòl yo tou pou yo onore elèv ki ap tranzisyone soti nan Jadendanfan, 5èm oubyen 8èm ane eskolè sou dedya sosyal. Anpil lekòl te fè tou divès selebrasyon a distans e sou volan machin pou elèv  sa yo.

 

Gran Liy Ane 2019-2020 an:


Jan nou te mansyone l anwo a, nan mwa avan fèmti lekòl yo, M-DCPS te atenn tou plizyè akonplisman remakab:

 

Distri Lekòl ki Fè Nòt A De Fwa: Pou dezyèm fwa nan istwa Nòt Pefòmans Lekòl  Florid, M-DCPS, yon fwa ankò, akonpli yon nòt “A” atravè tout distri a, e pou yon twazyèm ane youn ane apre lòt, pa gen okenn lekòl  ki fè nòt “F”. Karant sèt pousan lekòl nan Distri a te resevwa klasman “A” an 2019, konpare ak 36 pousan atravè tout eta a.

 

Elèv M-DCPS Kontinye Briye nan Evalyasyon Nasyonal: Yo konsidere NAEP-TUDA jeneralman kòm Kanè Nasyon an ak meyè estanda evalyasyon. Yon fwa anko, elèv Miami-Dade yo reyalize akonplisman remakab. Ane sa a, elèv katriyèm ane eskolè nan Miami-Dade te klase an premye nan Lekti ak Matematik.

 

‘U.S. News & World Report’ Klase Lekòl  M-DCPS yo nan Nivo Siperyè: Editè nouvèl sa a ki itilize divès platfòm te pibliye klasman Meyè Lekòl  2020 li yo pou prèske 18,000 lekòl  segondè leta, apre yon revizyon sou plis pase 24,000 lekòl  nan tout lekòl  50 eta ak ‘District of Columbia’. M-DCPS antèt nan Florid yon fwa ankò avèk 133 lekòl sou lis la, ki gen ladan kat lekòl segondè pami 100 meyè lekòl nan peyi a, ak nèf pami 20 meyè lekòl nan eta a.

 

Pwogram Chwa ak Magnet M-DCPS yon Yon Fwa Ankò Resevwa Atansyon Nasyonal: Pou yon nevyèm ane youn apre lòt, M-DCPS te resevwa plis Prim Merit Magnet pase kèlkeswa lòt distri a. An total, M-DCPS resevwa 67 prim pou peryòd prim 2019-2020 an, ki depase total ane pase a de nèf prim anplis. Pwogram Chwa M-DCPS tou te jwenn pi gwo kantite akademi Distenge nan peyi a, jan Fondasyon Akademi Nasyonal la rekonèt sa.

 

Nouvo Pwogram Akademik ak Inisyativ: Ane lekòl la te kòmanse avèk deplwaman 130 pwogram ak inisyativ akademik inovatif ki fèt pou benefis elèv, anplwaye, paran, ak kominote a. Sa te gen ladan yon konsantrasyon sou operasyon dirab, tankou pano solèy, estasyon pou ranplisaj boutèy dlo, ak eliminasyon chalimo an plastik; patenarya inovatif avèk antite remakab, tankou ‘Zoo Miami’, ‘Biscayne Nature Center’, ak ‘Verizon’; ak ogmantasyon pwogram Edikasyon sou Kodaj, STEAM ak Edikasyon Karyè  ak Teknik. Distri a te lanse tou 86 opsyon chwa anplis ki te pèmèt elèv angaje yo yon fason ki korèk e rijid tankou, ‘Magnet Program Re-envisioning’, ‘iBot, Verizon Innovative’, ‘iQuest Academy and zSpace’.

 

Edkatè ki Bay Enspirasyon: Nou te nonmen Vanessa M. Valle, yon pwofesè Lekti/Redaksyon Anglè nan Hialeah Gardens Senior High School, kòm Meyè Pwofesè Francisco R. Walker Miami-Dade County pou ane 2021 an. Kalyn Lee, yon pwofesè nan Miami Carol City Senior High School, se Meyè Pwofesè Debitan pou ane 2020 an. Rafael A. Villalobos, lidè karismatik e inovatif nan John A. Ferguson Senior High te jwenn nominasyon kom Meyè Direktè Lekòl  pou Ane 2020 an. Nou te nonmen Lamar Johnson, yon Asistan Direktè nan Jesse J. McCrary, Jr. Elementary kom Meyè Asistan Direktè Lekòl  pou Ane a.

 

Lis Ansyen Elèv Fame: Yo te ajoute senk lidè distenge sou Lis Ansyen Elèv Fame M-DCPS. Gayan ‘Oscar’ pou fim Moonlight, Barry Jenkins, gradye nan Miami Northwestern ak Tarell Alvin McCraney, ansyen elèv New World School of the Arts; “Soul Man” e sèlman moun soti Miami ki nan Lis Fame ‘Rock and Roll’, gradye Booker T. Washington Sam Moore; Ansyen Elèv Miami Beach Senior, Stephen M. Ross, pwopriyetè Miami Dolphins ak Hard Rock Stadium ak Mitch Kaplan, pwopriyetè Books & Books nan Miami e fondatè “Miami International Book Fair” (Fwa Entènasyonal Miami).

 

Nouvo Etablisman pou Mizik ak Ar: plizyè lekòl te inogire nouvo etablisman, ki gen ladan Miami Arts Studio at Zelda Glazer, ki te ouvri yon nouvo teyat ar pèfòmans nan ki te sèvi kòm andwa pou yon konsè ki te fèt atravè tout distri a pou benefisye Bahamas. Lekòl yo ouvri tou laboratwa mizik, yon estidyo pou dans, ak yon chanm pwodiksyon telèvizyon. Lekòl Mwayen Norland te inogire yon nouvo sinema ak lakou, e Lekòl Elemantè Caribbean ak Sant K-8 Myrtle Grove te chak ekipe ak nouvo espas 5,000 pye kare pou ar ak mizik.

 

Anviwònman Aprantisaj ki Gen Sekirite: “Miami-Dade Schools Police Department (M-DSPD)” (Depatman Polis Lekòl Miami-Dade) te ogmante kantite ofisye resous lekòl la a plis pase 450, ki amelyore efò siveyans ak kamera sekirite, redui kantite pwen antre lekòl, ak ranfòse pwotokòl ki gen rapò ak sekirize lekòl ak salklas yo an ka ta gen yon menas sou kanpous la.

 

Valè Enpòtan nan Miami Fè Patenarya avèk Miami Dolphins: M-DCPS te fè patenarya avèk Miami Dolphins pou sipòte inisyativ edikasyon Distri a Valè Enpòtan nan Miami. Patenarya a gen ladan rekonesans pou elèv egzanplè ki te pratike enkòpore valè debaz distri yo nan match Miami Dolphins ap fè lakay li, anrejistre divès kalite PSA jwè ak anplwaye Miami Dolphins anrejistre e pwomote, ak yon konpetisyon pou desine kranpon atravè tout distri a, ki te okazyone yon jwè Dolphins te mete kranpon gayan Valè Enpòtan nan Miami an nan yon match ki te telèvize nasyonalman.

 

Gayan Chanpyona Istorik Eta a: Twa lekòl segondè M-DCPS, Booker T. Washington Senior High, Miami Central Senior High, ak Miami Northwestern Senior High te gaye chanpyona foutbòl eta a. M-DCPS te òganize yon parad chanpyona pou selebre kantite chanpyona eta istorik nou ranpòte nan divès klasifikasyon nan yon total senk lekòl segondè atravè Miami-Dade County.

 

Sipò ‘Super Bowl’ la: ‘Super Bowl LIV’ te mennen yon kantite atlèt ak selebrite, òganizasyon filantwopik ak kòporasyon nan Sid Florid la. Anpil ladan yo te fè patenarya avèk Distri a pou ofri sipò pou divès inisyativ, tankou renovasyon Estad Traz Powell Stadium, teren atletik ak etablisman nan Miami Beach ak Miami Edison Senior High, ak opòtinite pou elèv jounalis ki te soti nan nèf lekòl zòn nan pou yo te kouvri evènman yo ansanm ak medya lokal, nasyonal, ak entènasyonal ki soti nan “Media Row” nan Eksperyans NFL, pou jis site kèk.

 

Ekselans nan Responsablite Finansyè: ‘Moody’s’ te bay M-DCPS yon nòt trè solid dèske li te satisfè angajman li yo. Pou 34èm ane konsekitif, ‘Government Finance Officers Association of the U.S. & Canada (GFOA)’ te akòde M-DCPS Sètifika Akonplisman Ekselans nan Rapò Finansye pou Rapò Finansye Anyèl Konpreyansif li a. Anplis, GFOA te bay Depatman Bidjè Prim Meyè Pratik nan Bidjè Lekòl.

 

Malgre difikilte istorik ane lekòl 2019-2020 te fè fas, akoz pandemi global la, M-DCPS toujou kanpe fèm sou valè debaz ak angajman li pou ekselans, nan demontre kèlkeswa sikonstans yo, Lekòl Leta Miami-Dade County ap vrèman lage mond lan nan pla men elèv li yo.

 

Pou dènye enfòmasyon yo, silouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho.


# # #

20-DGD/187/HD/SD/CM

Follow us