Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
6/5/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Sonje: Gradyasyon Vityèl pou Klas 2020 an ap Kòmanse 8 Jen

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap kontinye fè efò pou asire nou onore tout manm nan Klas Gradyasyon 2020 yo an gran ponp, jan yo merite li. Gradyasyon vityèl yo ap kòmanse lendi 8 jen jiska madi 16 jen soti 9è dimaten pou rive 6è nan aprèmidi. Nou ka jwenn aksè sou orè seremoni yo ak lè yo ap difize yo sou entènèt nan http://classof2020.dadeschools.net. Yo ap difize seremoni yo tou sou televizyon WLRN Chèn 17.


Seremoni gradyasyon vityèl yo ap gen ladan elèv ansanm ak direktè lekòl, Sipèentandan Alberto Carvalho, ak manm Komisyon Konsèy yo. Paran ak envite ap gen opòtinite pou patisipe nan seremoni gradyasyon vityèl yo a distans. Yo ap pwojte foto chak gradye lè yo site non yo pandan seremoni lekòl yo.


Nou ap fè selebrasyon an pèsòn nan chak lekòl segondè pou Klas 2020 an, yon fwa kondisyon sekirite yo reyini pou fè sa daprè gid sante piblik yo. Anplis, M-DCPS ap pral selebre Jounen Distribisyon Diplòm 18 jen, pou ofri gradye yo yon lòt opòtinite pou selebre e onore yo pandan yo ap resevwa diplòm yo nan andwa lekòl respektif yo.


Plizyè lekòl te fè selebrasyon distribisyon chapo ak tòj sou volan machin pou gradye yo, e  divès lekòl te selebre tranzisyon klas jadendanfan, 5èm ak 8èm ane eskolè avèk evènman sou volan machin ak seremoni vityèl.


Distri a te lanse tou yon kanpay sansibilizasyon sou medya sosyal ak medya yo pou onore gradye yo, e nou te obsève yon Jounen Rekonesans Gradye M-DCPS atravè tout kominote a 20 me. Nou te òganize divès kalite aktivite medya sosyal, tankou devwalman yon videyo avèk mesaj felisitasyon ki te soti nan men plis pase yon douzèn selebrite, mizisyen ak atlèt ki gen lyen lokal, tankou Will Smith, Camila Cabello, Dwyane Wade, Gloria Estefan ak Wyclef Jean.

 

Televizyon, radyo, jounal ak medya dijital sou Entènèt te onore elèv yo tou nan prezante plis pase 100 gradye sou diferan platfòm, e yo te distribye piblikasyon espesyal yo te dedikase pou Klas 2020 M-DCPS la.

 

Pou dènye enfòmasyon yo, silouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho


# # #

20-DGD/190/HD/SD/CM

Follow us