Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
6/10/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Anonse Plan Distribisyon Manje pou Ete a, Grasa Donasyon Jenere Miami Dolphins

Depi fèmti lekòl nan dat 13 mas akoz COVID-19 la, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ak Miami Dolphins te kanpe pou adrese pwoblèm ensekirite alimantè nan kominote a, yon reyalite pandemi an te vin agrave. Jodi a, yo anonse yon pwolongasyon nan patenarya solid yo a atravè distribisyon manje pandan ete a e alavni.

 

Sipèentandan Lekòl yo Alberto Carvalho di, “Nou pran angajman pou nou rete yon sous sipò pou timoun nou yo ak fanmi yo ki nan bezwen,… Lekòl Leta Miami-Dade County privilejye dèske Miami Dolphins sipòte nou nan angajman pou nou lite kont ensekirite alimantè nan kominote nou an avèk donasyon jenere yo a.”

 

Jiska dat jodi a, nou distribye plis pase kat milyon repa atravè Distri a. Kòmanse semèn sa a, M-DCPS ap kontinye ak distribisyon manje li yo bay elèv nan 50 lekòl atravè konte a. Nou ap kontinye distribisyon sa yo lè madi ak vandredi, sepandan kounye ap orè ete yo ap soti 10è dimaten rive 1è nan aprèmidi. Ou ap jwenn yon lis konplè andwa distribisyon manje yo nan covid19.dadeschools.net.

.

Pou sipòte inisyativ sa a, Miami Dolphins pran angajman pou fè donasyon 500 repa refrijere, pou ale lakay chak semèn pou tout yon ane. Nou ap bay manje sa yo nan zòn lekòl nan Miami Gardens, an plis dejene ak repa midi pou pote lakay M-DCPS bay.

 

Donasyon sa a fè pati anons nouvo distribisyon manje Miami Dolpins pral fè nan jou lasemèn nan Hard Rock Stadium.

 

Vis prezidan ak CEO Miami Dolphins Tom Garfinkel di, "Atravè pwogram soulajman alimantè pwopriyetè Dolphins Stephen Ross te kreye, nou te vle kreye yon fason dirab pou nou pote manje bay moun ki nan plis bezwen yo nan pwòp lakou nou nan Miami Gardens… Nou fyè pou n travay avèk yon gwo patnè nan Lekòl Miami-Dade e bay timoun ak fanmi yo manje pou omwen jiska ane pwochèn. Nou espere pwogram sa a pral diminye ensètitid pou konnen ki kote pwochen repa yo pral soti e nou ka konsantre sou gerizon ansanm kòm yon kominote."


Òganizasyon Miami Dolphins ap fè donasyon 500 repa refrijere, pou pote lakay bay M-DCPS chak semèn pou tout yon ane.

M-DCPS fè patenarya tou avèk Miami Dolphins ak lòt donatè adisyonèl, òganizasyon lokal, ak pwopriyetè restoran pou bay plizyè dizèn milye repa cho pou timoun ak fanmi atravè inisyativ “Family Meals-on-the-Go” (Manje tou Pare pou Fanmi Pote Lakay).


Miami Dolphins te bay “Foundation for New Education Initiatives, Inc” (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon) $125,000 kontribisyon pou pwogram sa a lè li te kòmanse. Depi 25 mas, nou livre plis pase 46,000 repa cho nan kay ki pi frajil nan kominote yo. Donatè yo kontribye plis pase $1.1 milyon jiska prezan.

Pou foto ak videyo anons jodi a, klike  LA A.

 

Kontak M-DCPS: Daisy Gonzalez-Diego - 305-995-2060

Kontak Miami Dolphins: Sydney Wade - 954-452-7198

 

Pou dènye enfòmasyon yo, silouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho

 


FOTO: Nan foto a: degoch-adwat, Vis Prezidan Anchèf Relasyon Ansyen Jwè Miami Dolphins Nat Moore; Vis Chèmann e CEO Miami Dolphins Tom Garfinkel; Sipèentandan M-DCPS Alberto M. Carvalho; Vis Prezidan Anchèf Miami Dolphins, Jason Jenkins, Afè Kominikasyon e Kominotè; ak Jesse Marks, Direktè Egzekitif Miami Dolphins Foundation pare pou distribye manje yo.

 


# # #

20-DGD/193/HD/SD/CM

Follow us