Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
6/17/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Aprantisaj ann Ete nan M-DCPS

Elèv, paran, ak anplwaye “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) byen merite repo y ap pran pandan mwa ete yo, espesyalman aprè katriyèm trimès difisil e san parèy sa a. Elèv yo ap resevwa kanè ak nòt final yo nan pòtal elèv yo vè 19 jen 2020.

 

Anba a n ap jwenn enfomasyon pou elèv ak fanmi ki gen rapò ak òf edikasyonèl nan M-DCPS pandan vakans ete a, ki gen ladan opòtinite pou redui pèt nan aprantisaj pandan ete a.

 

Lekòl Ete Anba Plan ‘SOAR’

M-DCPS devan nan bay aksè ak pwogram edikasyonèl ekselan pandan mwa ete yo e ane sa a li devlope yon plan trè laj pou adrese sa ki sanble li kapab yon regresyon istorik oubyen “summer slide” nan aprantisaj, akoz chanjman ki te nesesè pou nou antre nan aprantisaj a distans.

 

Pou redui pèt nan aprantisaj pou kèk nan elèv ki pi frajil nou yo, M-DCPS devlope “Securing Opportunities for Academic Recovery SOAR” (Asire Opòtinite pou Retablisman Akademik). Plan sa a gen gen ladan twa faz – Retabli, Reprann, e Rekòmanse – ki pral ede nou asire elèv ki bezwen nou plis yo resevwa lòt opòtinite aprantisaj avan e pandan nouvo ane lekòl la. Pwogram Ete nou an ap divize an Ete A ak Ete B pou pèmèt elèv patisipe nan toude, si sa nesesè. Pou plis enfòmasyon konsènan SOAR, vizite soar.dadeschools.net. 

 

Pwogram Akademik Nou Ap Ofri Pandan Ete a


eLearning Toolbox” (Bwat Zouti Aprantisaj sou Entènèt) la pare! M-DCPS ofri pwogram  gratis, dijital pou elèv Klas Matènèl - 12èm ane eskolè pandan ane lekòl 2019-2020 an ka evite regresyon akademik pandan ete a e pou pwomote aprantisaj lakay nan itilize teknoloji. Resous sa yo ki entèraktif e enteresan disponib atravè Pòtal Elèv la e yo fèt pou ofri aktivite anrichisan ansanm ak opòtinite remedyasyon ak akselerasyon; e pou sipòte sante mantal atravè aktivite Aprantisaj Sosyal ak Emosyonèl. Elèv yo gen aksè sou “Digital   Classroom” (Salklas Dijital) (tankou., Discovery Education, Edgenuity, Gizmos, myON, Learning Ally, Newsela, Reading Plus, Reflex, e plis toujou) ak “Digital Playground” (Teren Jwet Dijital) (tankou., ABCmouse, BrainPOP, Duolingo, Minecraft, Nearpod Virtual Field Trips, Storyline Online, Scratch, Typing Test, e plis toujou) ki ofri yon varyete zouti teknolojik enstriksyonèl ki baze sou jwèt. Ou ka aprann plis nan vizite www.dadeschools.net.  


Nan yon efò pou kenbe elèv yo angaje e pwodiktif pandan vakans ete a, M-DCPS ap ofri yon seri pwogram ak defi nan matematik ak lekti pou elèv yo ka evite regresyon akademik nan ete a:

 

“myON Reading Challenge” (Defi Lekti ‘myON) – Inisyativ sa a ankouraje elèv yo li otan  yo kapab pandan vakans ete a. Nou envite tout elèv ki te enskri nan klas matènèl jiska 8èm ane eskolè pandan ane lekòl 2019-2020 an pou yo patisipe nan “2020 myON Summer Reading Challenge (Defi Lekti ‘myOwn’ Pandan Ete 2020) an  pou yo ka kontinye devlope ladrès lekti ki enpòtan e pou nou kreye lakay yo yon lanmou pou lekti.  Nou ap rekonèt 10 meyè lektè myON yo selon sa ki fè plis tan ap li, ki fè omwen 70 pousan pou tès sou liv yo, e ki demontre pwogresyon nan ‘’Lexile-level’ (tablo evalyasyon lekti) yo. Defi a ap fèt, kòmanse 4 jen jiska 2 out 2020.

 

Nou pral rekonèt 10 premye gayan nan nivo 10èm ane eskolè yo (yon elèv pa nivo ane eskolè) avèk yon sètifika kado $50. Anplis, twa premye lektè myON atravè distri a pral resevwa yon ‘Apple iPad Mini’ (moun ki te genyen anvan yo pa elijib pou iPad). Elèv ka jwenn aksè sou myON atravè pòtal yo pandan tout ane a. Enskripsyon pa nesesè. 

 

“Reflex Math Challenge” (Defi Reflèks nan Matematik) – Inisyativ sa a ankouraje tout elèv ki te enskri nan 2èm jiska 8èm eskolè pandan ane lekòl 2019-2020 an pou yo patisipe nan “2020 Reflex Math Summer Challenge” (Defi Reflèks nan Matematik Pandan Ete 2020) an pou pwomote kontinyasyon nan devlopman metriz pwen enpòtan nan matematik. Gen rechèch ki montre lè yon elèv sonje rapidman pwen enpòtan nan matematik, sa esansyèl nan siksè yo nan matematik alavni. Nou ap rekonèt senk meyè elèv ki satisfè kat kategori sa yo: pi gwo mwayèn itilizasyon chak jou, pi gwo Pousantaj “Green Light” (Limyè Vèt), meyè konpreyansyon pwen enpòtan yo, ak meyè solisyon pwoblèm. Defi a ap fèt, kòmanse 4 jen jiska 2 out 2020.

 

Nou pral rekonèt senk premye gayan yo nan nivo 5èm ane eskolè (yon gayan nan 2èm, 3èm, 4èm, 5èm ane eskolè, e yon gayan an jeneral nan 6èm-8èm ane eskolè) avèk yon tablèt ‘Amazon Fire 10 HD’ ak yon valiz ‘Reflex Math SWAG’ (moun ki te genyen anvan pa elijib pou genyen tablèt. Elèv ka jwenn aksè sou ‘Reflex Math’ atravè pòtal yo pandan tout ane a. Enskripsyon pa nesesè.  

 

Defi Fè Plis Lekti – Inisyatif sa a ankouraje tout elèv ki te enskri nan 9èm jiska 12èm ane eskolè pandan ane lekòl 2019-2020 an pou yo patisipe nan Pwogram “2020 Reading Plus Summer Challenge” (Defi Fè Plis Lekti nan Ete 2020 an)  pou yo kontinye devlope ladrès ki enpòtan pou lekti. Nou ap rekonpanse twa premye plis itilizatè ‘Reading Plus’ la dèske yo “Fini Plis Leson” e fè omwen 70 pousan nòt nan leson yo. Defi a ap kòmanse soti 4 jen rive 2 out 2020.

 

Nou ap rekonpanse twa premye gayan atravè Distri a avèk yon ‘Apple iPad Mini’ e yon sètifika kado $50 (gayan anvan yo pap elijib pou jwenn iPad la). Elèv yo ka jwenn aksè sou ‘Reading Plus’ la atravè pòtal yo pandan tout ane a.  Enskripsyon pa nesesè. 

 

Pwogram Estaj pou Jèn Pandan Ete a - M-DCPS ak Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon ap kolabore avèk Miami-Dade County pou opere vityèlman “Summer Youth Internship Program (SYIP)” (Pwogram Estaj pou Jèn Pandan Ete) 2020 an. The Children’s Trust, Career Source South Florida ak South Florida Educational Federal Credit Union se òganizasyon kle ki ap patwone inisyativ sa a.

 

SYIP mande elèv lekòl segondè M-DCPS pou fè 150 èdtan estaj vityèl pandan peryòd senk semèn 1e jiyè – 5 out 2020 nan biznis ak òganizasyon atravè Miami-Dade County. Inisyativ sa a pral ofri jèn opòtinite edikasyonèl, eksperyans travay ak fòmasyon enpòtan. Pandan yo ap resevwa yon ti salè, yo peye yo atravè sibvansyon ak donasyon, patisipan nan pwogram nan pral resevwa kredi lekòl segondè e yo ka jwenn tou opòtinite pou resevwa kredi anwolman doub atravè Miami Dade College.  

 

Pou enskri yon biznis oubyen yon òganizasyon kòm yon founisè estaj, vizite miami.getmyinterns.org.

 

Pwogram Edikasyon Adilt ak Karyè Teknik – Nou ap enplemante pwogram sa yo vityèlman e yo ouvri pou enskripsyon nan vizite www.adulteducationworks.com ak www.careerinayear.com oubyen nan rele 305-558-8000.

 

Pwogram Edikasyon Altènatif pandan ete a ap fonksyone tou, ansanm ak pwogram “Family Empowerment” (Responsabilize Fanmi): Pwogram Angajman Jèn Pandan Ete a. Inisyativ sa a, an patenarya avèk Miami-Dade County, ofri 60 elèv M-DCPS an danje ki abite nan kòd postal ki gen gwo bezwen yon opòtinite pou konseye, pwogram edikasyonèl, ak sipò akademik. Chak patisipan resevwa yon ti salè $1,000 pou yon òdinatè laptòp.

 

Aparèy ak Konektivite

 

Tout elèv M-DCPS, eksepte elèv lekòl segondè ki gradye yo, ka kenbe aparèy Distri a bay pandan ete a pou ankouraje aprantisaj adisyonèl. Nou te bay elèv yo 119,000 aparèy ki gen ladan 9,000 telefòn “Wi-Fi” (koneksyon entènèt sanfil) yo ka itilize kòm andwa “hot spots” (sant entènèt) pou jwenn aksè sou entènèt.

 

Anplis, Comcast pwolonje angajman li pou l asiste kliyan pandan pandemi ‘COVID-19’ la nan ofri 60 jou sèvis ‘Internet Essentials’ gratis pou fanmi ki enskri jiska 30 jen.

 

Resous Akademi Paran an pou Fanmi

 

Akademi Paran M-DCPS la ofri yon varyete resous pou fanmi sipòte aprantisaj a distans ann Anglè, Espayòl, e an Kreyòl. Resous sa yo gen ladan yon Kanpous Vityèl ki gen ladan seminè sou Entènèt ki anrejistre davans sou kòman pou itilize yon varyete pwogram sou Entènèt, Fanmi Enpòtan ki bay konsèy sou sijè tankou sante mantal, sigarèt elektwonik, ak resous aprantisaj sou Entènèt, ‘Virtual Family Fund’ ki bay lyen sou aktivite enteresan pou fanmi, ak Manje Lekòl pou asiste fanmi nan lokalize andwa distribisyon manje M-DCPS ki pi prè yo. Klike sou lyen anba yo pou resous sa yo:

 

·       Family Matters (Fanmi Enpòtan)

·       Virtual Family Fun (Amizman Vityèl pou Fanmi)

·       Virtual Campus (Kanpous Vityèl)

 

Liy Telefòn Sipò M-DCPS

 

Liy telefòn sipò ki ap suiv yo pral kontinye fonksyone pandan vakans ete a. Lè fonksyònman yo se lendi – vandredi, kòmanse a 8è nan maten – 4è nan aprèmidi amwenske nou ta bay lòt endikasyon:

 

·      Aprantisaj a Distans: 305-995-HELP (4357)

·      Sèvis Sante Mantal pou elèv/paran: 305-995-7100

·      Pwojè ‘UP-START’ pou elèv ki ap fè eksperyans lojman enstab: 305-995-1729

·      Pwogram Asistans Anplwaye: 305-995-7111 (disponib 8è nan maten – 4:30 nan aprèmidi)

 

Pou dènye nouvèl sou plan re-ouvèti lekòl, distribisyon manje ak lòt nouvèl ki gen rapò ak COVID-19, vizite covid19.dadeschools.net.

 

Pou dènye enfòmasyon yo, silouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho 



# # #

20-DGD/188/HD/RL/CM/SD

Follow us