Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
7/29/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Anwole Pitit Ou nan Yon Sistèm Lekòl ki Fè Nòt ‘A’ 29 Jiyè!

M-DCPS ofri divès pwogram pou elèv tout laj, menm sa ki pi jèn yo.


“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) gen yon trajektwa ki bay prèv deja nan ekselans akademik ansanm ak pwofesè kalite siperyè ak administratè ki pran angajman pou ansèyman timoun yo yon fason ki konplè. Premye priyorite Distri a se sante, sekirite ak byennèt elèv ak anplwaye yo e nou kontinye amelyore oubyen modènize e ekipe lekòl nou yo ak teknoloji 21èm syèk yo. Avèk nouvo ane lekòl la ki prèske rive, M-DCPS vle asire l paran yo konnen kijan pou yo enskri pitit yo pou premye fwa nan M-DCPS.


M-DCPS ap pran tout prekosyon sante piblik akoz COVID-19 la. Menmsi lekòl la ouvri fizikman oubyen atravè plan aprantisaj a distans inovatif M-DCPS la “My School Online” (Lekòl Mwen sou Entènèt), pa rate chans pou antre nan youn nan distri lekòl nan gran vil ki ap bay plis pèfòmans nan peyi a. Klike la a pou wè kijan M-DCPS kontinye reyalize pwomès li pou lage mond lan nan plamen elèv yo. Pou wè dènye enfòmasyon sou plan re-ouvèti M-DCPS la, vizite reopening.dadeschools.net.  

 

Kòman pou w Kòmanse Enskripsyon nan M-DCPS:

Elèv yo dwe gen senk an daj 1ye septanm oubyen anvan nan nenpòt ane, pou yo enskri nan jadendanfan. Tout timoun ki gen laj ant 6 ak 16 an, eksepte si lwa Florid di otreman, oblije ale lekòl regilyèman pandan tout tèm lekòl la. Tout timoun ki enskri nan yon lekòl Distri a dwe satisfè demand vaksinasyon lwa eta a e bay prèv yo te fè yon egzamen fizik.


Pandan ete a, lekòl yo ouvè lendi rive vandredi soti 9è dimaten pou 1è nan aprèmidi pou enskripsyon. Anplis, pou fasilite enskripsyon an pèsòn pou paran ki pa kapab fè pwosesis la a distans, nou pwograme nan tout Distri a yon “Jounen Enskripsyon nan M-DCPS” mèkredi 29 jiyè 2020, nan tout lekòl.


Pou enfòmasyon sou kisa w ap bezwen, e ki dokiman pou bay pou enskripsyon inisyal la, silvouplè vizite attendanceservices.dadeschools.net/. Elèv ki transfere soti nan lòt eta, lòt distri nan Florid, oubyen ki pa t fèt Etazini, dwe ranpli menm kondisyon admisyon ak antre pou yo ka enskri.    


Tout elèv yo asiyen pou ale lekòl nan distri kote paran oubyen gadyen legal yo abite. Pou jwenn lekòl katye ou abite a, vizite www.dadeschools.net/guidek-12.


Si w ta renmen chwazi yon diferan lekòl pou pitit ou e ou ta renmen mande yon transfè, ou ka fè sa atravè “Parent Choice Student Transfer” (Chwa Paran pou Transfè Elèv), yon Transfè Enskripsyon Ouvè ki Kontwole oubyen atravè “M-DCPS’ School Choice & Parental Options” (Chwa Lekòl ak Opsyon Paran M-DCPS). Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou opsyon sa yo nan vizite: attendanceservices.dadeschools.net/.  


Malgre pa gen dat limit pou enskripsyon, asire oumenm ak fanmi ou pare pou kòmanse nan premye jou lekòl la. Nou ankouraje fanmi yo pou yo enskri bonè pou evite reta nan pwosesis la e pou asire yo ka ale lekòl nan jou ouvèti a. Pandan pitit ou a anbake nan nouvo eksperyans sa a, ou dwe asire w li pa manke anyen. Nou ankouraje paran yo pou yo kenbe enfòmasyon kontak yo ajou e mete nimewo telefòn ak imèl yo ajou nan lekòl pitit yo, pou yo ka resevwa notifikasyon enpòtan ki soti nan distri lekòl la. Paran yo kapab aksepte tou opsyon pou yo resevwa mesaj tèks ijans nan voye tèks mesaj "Y" nan 67587.


Pou dènye enfòmasyon yo, silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho  

 

KLIKE SOU LYEN KI ANBA A POU PLIS ENFÒMASYON

Feyè Anwolman

Gid Enskripsyon Nouvo Elèv 

Pakè Enskripsyon


# # #

20-DGD/010/HD/SD/CM

Follow us