Twa jou premye aprantisaj a distans yo te difisil pou elèv, paran,
pwofesè ak administratè “Miami-Dade County
Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County). Yo kontinye ap sible
Distri a ak plizyè atak sibè yon fason pou yo lakòz entèripsyon nan sèvis Entènèt
la, pou anpeche ansèyman ak aprantisaj. Atak sa yo, ansanm ak yon inisyal
lojisyèl twazyèm pati ki te ap malfonksyone, te bloke
abilite M-DCPS pou detekte, dyagnostike e rezoud pwoblèm itilizatè yo te
rankontre sou platfòm K12 la, nou ap itilize pou “My
School Online” (Lekòl Mwen sou Entènèt). Distri a ap fè ajisteman nesesè
sou platfòm nan pou rezoud nenpòt pwoblèm e amelyore eksperyans ansèyman sou
entènèt la.
Apati demen, 3 septanm, tout elèv ki nan klas 6-12 yo pral
itilize ‘Microsoft Teams’, ‘Zoom’ atravè ‘Microsoft Teams’ oubyen yon lòt sistèm
altènatif, nan fason chak lekòl ak chak pwofesè detèmine li, pou enstriksyon andirèk.
Pandan nou sispann platfòm K12 la pou nivo ane eskolè sa yo, anplwaye Distri yo
ap travay avèk K12 la pou adrese tout pwoblèm yo detekte pou jenere solisyon pou
amelyore eksperyans aprantisaj nou espere a. K12 rankontre avèk pwoblèm
nasyonalman nan ane eskolè ki pi wo yo pou aprantisaj a distans.
Elèv ki nan klas Pre-K-5 yo ap kontinye itilize platfòm K12
pou sesyon “Class Connect” (Konekte nan Klas) ak travay kou yo. Analiz done yo endike
pandan toujou gen kèk difikilte koneksyon nan domèn sa pou ane eskolè sa yo,
pèfòmans jeneral elèv ak sipò angajman yo kontinye sou platfòm nan. Pwofesè yo
ap gen opòtinite pou fè kòmantè andirèk. Anplwaye Distri yo ansanm ak manadjè
K12 yo pral travay aktivman pou adrese nenpòt pwoblèm.
Vè 11 septanm, Distri a pral detèmine si pou yo retounen nan
platfòm K12 la pou klas 6-12 yo, ansanm ak kontinye nan platfòm la pou klas
Pre-K-5.
Pou dènye enfòmasyon yo, silvouplè
telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou.
Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools
ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools
ak AlbertoCarvalho
# # #
20-DGD/026/NZ