Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
9/10/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade Apwouve Bidjè Lekòl 2020-2021 an

Mèkredi aprèmidi, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade la te adopte prelèvman final pousantaj taks sou pwopriyete 2020-2021 an ak bidjè anyèl la pandan dènye odyans piblik sou bidjè a. Bidjè a vote pou $5.6 milya e takspeyè yo pral wè yon diminisyon nan pousantaj taks sou pwopriyete yo, soti nan 7.148  rive 7.129, yon diminisyon total 0.019. 

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, "Mwen fyè de priyorite ki reflete nan bidjè sa a, ki etabli yon rezèv pou pwoteje anplwaye ak pwogram yo kont rediksyon revni bidjè nou prevwa akoz pandemi an, ogmante alokasyon pou amelyorasyon sanitasyon lekòl e pwoteje sante ak byennèt elèv ak anplwaye nou yo, ak plis toujou.” 

Akòz epidemi global COVID-19 la, ane lekòl la 2019-20 an te pote avèk li fèmti san parèy lekòl yo alontèm ki te mennen nan tranzisyon rapid nan aprantisaj a distans nan prentan 2020 an. Pou “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County), ansanm ak kominote a ak peyi a, 2020 te yon ane difisil, men li te tou yon moman pou nou montre tout sa nou ka akonpli lè yon sistèm lekòl ak edikatè li yo, elèv, paran ak kominote a travay ansanm pou benefis elèv nou yo. 

Bidjè ane fiskal 2020-21 an reflete yon kominote ki valorize ar, sante fizik ak mantal elèv, aprantisaj lang doub, ak edike elèv ki gen bezwen espesyal nou yo. Li reflete yon angajman san parèy nan Chwa ak yon deplwaman enklizif e rapid nan Bon Obligasyon Jeneral la ki se evidans solid ki montre nan M-DCPS, lè nou fè yon pwomès nou kenbe li. Bidjè a kontinye finanse angajman kle pou pèsonèl enstriksyonèl, sipò nan salklas, sante ak sekirite nan lekòl ansanm ak inovasyon. 

Pou dènye enfòmasyon yo, silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho


# # #

20-DGD/032/HD/SD/CM

Follow us