Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
9/24/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Ap Òganize Evènman Vaksinasyon GRATIS pou Elèv

Paran timoun ki gen laj lekòl yo, ki enskri oubyen ki pral antre nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pral gen opòtinite adisyonèl pou yo pran vaksen ki nesesè pou pitit yo nan sant vaksinasyon yo kòmanse samdi 26 septanm, ak lòt dat adisyonèl ki ap suiv yo. Tout evènman sa yo gratis. Li patikilyèman enpòtan pou timoun yo resevwa vaksen woutin pandan pandemi COVID-19 sa a pou pwoteje yo kont maladi ak epidemi nou ka evite.

 

Sèvis Sante Konpreyansif Elèv M-DCPS ap fasilite sant vaksinasyon nan tout konte a kòmanse Samdi 26 Septanm 2020 ak plizyè opòtinite adisyonèl pandan tout semèn kap vini yo. Silvouplè wè feyè ki tache a pou TOUT dat ak andwaki disponib yo.

 

Elèv ki prale lekòl nan Miami-Dade County, ki gen ladan sa yo ki chwazi aprantisaj a distans, dwe gen yon sètifika vaksinasyon ki montre yo te pran vaksen kont polyo, “measles-mumps-rubella (MMR)” (lawoujòl-malmouton-ribeyòl), difteri, tetanòs ak tous (koklich) (DTaP), epatit B, ak saranpyon (varisèl). Règ sa a aplike pou elèv ki prale lekòl aktyèlman nan Distri a ak sa ki kalifye pou vini yo.

 

Men yon lis andwa ki ap ofri vaksinasyon gratis samdi 26 septanm 2020. Randevou nesesè nan tout andwa yo.

 

Jesse Trice Community Health Center

10è dimaten - 2è nan aprèmidi           
Liy pou Randevou a se

305-693-3057

 

Miami Carol City Senior High
3301 Miami Gardens Drive

Miami FL  33056

 

University of Miami Health System

8è dimaten - 4:30 nan aprèmidi

Liy pou Randevou a se

305-668-1002 oubyen 305-243-6407


North Miami Middle School
700 N.E. 137th St.

North Miami, FL 33161

 

Citrus Health Network

9è dimaten - 1è nan aprèmidi

Liy pou Randevou a se

786-209-2185

 

Maternal and Child Health Center

551 West 51st Place,  Hialeah  33012

 

NCH Healthcare System

Liy pou Randevou a se

786-624-4747

 

9è dimaten - 1è nan aprèmidi
W.R. Thomas Middle

13001 S.W. 26th St.

Miami, FL  33175

 

10è dimaten pou 3è nan aprèmidi
Jorge Mas Canosa Middle
15735 S.W. 144th St., Miami, FL 33196

 

Florida Department of Health in Miami-Dade County

8è dimaten pou 2è nan aprèmidi

Liy pou Randevou a se

786-845-0550

 

Health District Center
1350 N.W. 14th St., Miami, FL 33124

 

West Perrine Health Center
18255 Homestead Avenue, Miami, FL 33157

 

 

Pou dènye enfòmasyon yo, silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho


# # #

20-DGD/036/HD/SD

Follow us