“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pral fè tranzisyon pou Etap II nan Plan Reouvèti “Reopen Smart, Return Safe” (Reouvè avèk Entèlijans, Retounen avèk Sekirite) li a. Madi, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade vote alinanimite pou otorize Sipèentandan an pou reouvè lekòl pou elèv lendi 5 oktòb. Elèv paran yo te chwazi modèl Bilding Lekòl nan mwa jiyè a pral kòmanse retounen andwa lekòl yo 5 oktòb avèk yon apwòch ki ap fèt an plizyè faz, daprè ane eskolè, ki ap fin konplè vandredi 9 oktòb. Elèv paran yo te chwazi pou “My School Online (MSO)” (Lekòl Mwen sou Entènèt), lè nou te fè sondaj nan mwa jiyè a, ap rete angaje nan aprantisaj a distans.
Sekirite elèv, anplwaye ak fanmi yo te prensip prensipal ki gide tout efò reouvèti a atravè Distri a. Daprè angajman sa a e nan aliyman ak rekòmandasyon ekspè sante piblik yo bay, nou pral espase repati retou fizik la apati de nivo ane eskolè, pou redui kapasite lekòl la e pou pèmèt pwotokòl tès la ak lòt ajisteman potansyèl, anvan lekòl la kòmanse fonksyone konplètman nan Etap II.
Orè
reouvèti an plizyè faz la ap fèt pami gwoup elèv ki anba a (elèv paran yo te
chwazi modèl Bilding Lekòl la), jan li ye sou lis anba a:
Elèv
yo pral retounen lekòl atravè yon pwosesis espase avèk klas matènèl,
jadendanfan ak elèv 1ye ane eskolè, ak elèv ki gen bezwen espesyal ki nan yon
kourikoulòm modifye, ap retounen lendi 5 oktòb. Elèv 2-6èm ane eskolè ak 9-10èm
ane eskolè ap retounen mèkredi 7 oktòb pandan 7-8èm ane eskolè ak 11-12èm ane
eskolè ap retounen vandredi 9 oktòb.
Vandredi 2 oktòb ap yon jounen planifikasyon pwofesè pou ofri plis tan pou pwofesè prepare salklas, angaje nan plan leson adisyonèl ak lòt aktivite pou asiste nan preparasyon yo pou akeyi elèv nan retou lekòl la. Sa yo pa fè okenn efè sou tan enstriksyonèl ki te deja asiyen pou ane lekòl sa a.
Li enpòtan tou pou nou note TOUT orè lekòl segondè yo pral retounen a 7:20 dimaten kòmanse 7 oktòb, nan modèl Bilding lekòl la ansanm ak Lekòl Mwen Sou Entènèt.
Paran yo ap resevwa yon kat notifikasyon yo pa lapòs, ki ap ba yo yon rapèl sou ki modèl aprantisaj yo te chwazi pandan peryòd opsyon chwa nan mwa jiyè a. Elèv yo dwe pare yo prezante kat notifikasyon sa yo pou yo fizikman antre nan lekòl yo nan dat retou yo asiyen yo. Paran yo ka revize seleksyon yo tou atravè Pòtal Elèv pitit yo oubyen nan aplikasyon mobil Dadeschools la. Elèv sa yo paran yo te chwazi pou Modèl Bilding Lekòl la E ki elijib pou transpò nan Distri a ap resevwa enfòmasyon sou transpò tou.
Administratè lekòl yo ap gen diskresyon pou fè eksepsyon limite pou paran ki vle chanje seleksyon inisyal yo. Pou mande yon chanjman, paran yo dwe kontakte lekòl pitit yo pou ranpli yon fòm deklarasyon chanjman. Nenpòt eksepsyon ki pral fèt ap baze sou kondisyon espesifik enskripsyon an pèsòn chak lekòl pou asire mezi distans sosyal yo pa konpwomèt.
Nou ankouraje paran yo pale ak pitit yo e eksplike enpòtans responsablite pèsonèl yo ak itilizasyon kòrèk pou yo figi yo toutan, pandan yo sou kanpous yo ak otobis lekòl yo. Nou mande paran yo tou pou yo fè yon tès depistaj sante pou pitit yo chak jou, jan nou endike sa nan gid reouvèti Distri a, anvan yo voye yo lekòl.
Desizyon nou pran pou fè tranzisyon nan Etap II Plan Reouvèti Distri a fèt daprè tranzisyon Faz II reouvèti Miami-Dade County a, amelyorasyon nou wè nan seri mezi sante ekspè medikal ak sante piblik yo idantifye, enstriksyon ki soti nan eta a, ak nivo preparasyon jeneral sistèm lekòl la konsènan mendèv, etablisman yo ak tout lòt pwotokòl ki nesesè yo.
Nan dènye mwa ki sot pase yo, M-DCPS te ap prepare pou reouvèti lekòl yo atravè kontinyèl sanitizasyon pwofon entansif, antretyen ak modifikasyon fizik nan andwa lekòl yo; garanti Ekipman Pwoteksyon Pèsonèl; devlopman nan pwotokòl ak pwosesis pou asire distans sosyal tout tan; yon pwogram pou retrase kontak ak done tablodbò pou asire difizyon enfòmasyon nan tan reyèl ki gen rapò ak COVID-19 ak plis toujou.
Vizite reopening.dadeschools.net. pou w li plan konplè Reopen Smart, Return Safe M-DCPS la an Anglè, Espayòl, ak Kreyòl.
Nòt editè a: Klike LA A pou toude toude, lis videyo klip ak yon videyo modifye ki demontre pwosedi ak preparasyon nan andwa lekòl yo.
Pou dènye enfòmasyon yo, silvouplè telechaje
aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou
sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup,
sou Instagram nan @miamischools
ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools
ak AlbertoCarvalho
# # #
20-DGD/035/NZ/SD/CM