Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
12/15/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Nouvo Seri Chanpyona Tri-County Pral Kòmanse Chanpyona Foutbòl

Seri chanpyona Tri-County a, ki te kreye akoz enpak COVID-19 la fè sou espò lekòl yo nan Miami-Dade County, Broward, ak Palm Beach, ap kòmanse jwèt chanpyona li yo pita nan mwa sa a. Jwèt yo ap fèt nan twa klasifikasyon (Klas 8A, 7A, 6A-1A) nan yon fòma faz eliminatwa gwoup an lò ak an ajan.

Mwa out pase a, administratè lekòl yo nan tout eta Florid la te chwazi patisipe andeyò  Asosyasyon Atletik Lekòl Segondè Florid ‘Florida High School Athletic Association (FHSAA)’ pou jwe yon sezon espò endepandan pandan otòn nan, akòz yon reta entansyonèl pou kòmanse antrènman espò yo pou konfòme ak machasuiv sante piblik yo. Konte Miami-Dade, Broward ak Palm Beach devlope yon seri chanpyona Tri-County ki gen ladan kat espò: boul ‘‘bowling’’, ‘‘cross country” (kous a pye), volebòl jèn fi ak foutbòl. Plis pase 20 lekòl segondè M-DCPS rantre nan seri chanpyona Tri-County yo. Senk lekòl segondè M-DCPS chwazi pou kontinye ak FHSAA: Miami Palmetto, Homestead, Miami Central, Miami Northwestern ak Miami Edison. Sis lekòl segondè Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) chwazi pou kontinye ak FHSAA: Miami Palmetto, Homestead, Miami Central, Miami Northwestern, ak Miami Edison.

Chak match nan seri a pral fini ak yon prezantasyon twofe/prim pou ekip ki genyen an. Ekip yo ki kalifye pou gwoup an ajan ak lò yo pral jwe pou chanpyona yo an Ajan ak Lò kòmanse 17 a 19 desanm. Tout jwèt foutbòl chanpyona a pral pran fèt nan estad Nathaniel "Traz" Powell, ki chita nan 11380 NW 27th Ave. Miami, FL 33167.

Ekip ki pa kalifye pou chanpyona eliminatwa nan gwoup Lò oswa Ajan an nan Tri-County ap patisipe nan konpetisyon chak semèn pandan mwa desanm nan.

Medya ki enterese pou fè repòtaj nenpòt nan match yo dwe imèl Direktè Egzekitif la, Reginald Fox nan rfox@dadeschools.net pou jwenn kalifikasyon laprès yo.

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho

 



# # #

20-DGD/065/HD/RD/SD

Follow us