Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
1/6/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Li Pa Twò Ta! M-DCPS ap Aksepte Aplikasyon pou Lekòl Magnèt yo Jiska 15 Janvye 2021

‘Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)’ (Lekòl Leta Miami-Dade County) (M-DCPS) aktyèlman ap aksepte aplikasyon pou pwogram Magnèt pou ane lekòl 2021-2022. Peryòd enskripsyon pou pwogram Magnèt atravè distri lekòl la te kòmanse nan mwa oktòb epi ap fini vandredi 15 janvye 2021.  

 

Elèv yo pral kapab pran avantaj de plis pase 380 pwogram Magnèt inovatif, ki pèsonalize pou satisfè enterè yo, talan ak bezwen endividyèl yo. Pami sa nou ofri yo gen ladan pwogram tankou Ar Vizyèl ak Ar Pèfòmans, Medikal, Jwèt Videyo ak Animasyon, Syans Legal, Zowoloji Wobotik ak Entèlijans Atifisyèl ak Dwa e Syans Legal. 

 

Pou w gen chans ajoute non w nan pwosè seleksyon an, elèv yo DWE aplike anvan 15 janvye 2021, nan www.miamimagnets.org. Pwosè pou konplete aplikasyon an sou entènèt la rapid epi fasil. Chak timoun ka aplike pou jiska senk lekòl. N ap voye yon lèt notifikasyon apre peryòd seleksyon yo alantou 15 mas 2021, lè sa a paran yo ka aksepte oswa refize òf admisyon an.  

 

Pwogram Magnèt yo ankouraje yon anviwònman aprantisaj divès e enpasyal, ki enkòpore pwogram inovatif ak metòd ansèyman ki baze sou rechèch. Yo jere responsablite yo pou kontinye amelyorasyon ak reyisit elèv yo. Ankèt yo fè montre gen yon koneksyon solid ant pwogram Magnèt ak kondisyon bezwen mendèv yo. Objektif lekòl Magnèt yo se pou bay opòtinite aprantisaj reyèl atravè yon pwogram solid ak patnè nou yo tankou Zoo Miami, Fairchild Tropical Botanic Gardens, Bloomberg Financial, kolèj ak inivèsite, ki angaje nan siksè elèv yo.  

 

Chans pou ale nan youn nan pwogram Magnèt M-DCPS yo ki renome, inovatif ak pwogresif se kounye a! Pou plis enfòmasyon, tanpri rele 305-995-1922. 

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.  


Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho


# # #

21-DGD/074/HD/RD/CM

Follow us