Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
2/5/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Anonse Chanjman pou Distribisyon Repa Ak Ogmantasyon Pwodui Alimantè Pou Elèv yo


Kòmanse lòt semèn, ‘Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)’ (Lekòl Leta Miami-Dade County) pral konsolide distribisyon repa li yo pou elèv k ap aprann a distans yo yon fwa pa semen. N ap distribye pwodui alimantè an gwo chak jedi soti 4è aprèmidi pou rive 5:30 nan aprèmidi, l ap gen ladan l pwodui alimantè an gwo ki egal ak 21 repa pou chak elèv, chak livrezon - sèt dejne, sèt repa midi ak sèt repa apre lekòl.

 

Chanje alokasyon yon fwa pa semèn nan pral pèmèt nou bay plis manje pou chak elèv/paran, an menm tan pèmèt paran yo ekonomize.

 

Novanm pase a, “U.S. Department of Agriculture (USDA)” (Depatman Agrikilti Etazini) te anonse l ap pwolonje dispans fleksibilite pwogram manje pandan ete a ki pèmèt M-DCPS kontinye sèvi manje gratis pou tout timoun pandan tout ane lekòl 2020-2021 an.

 

USDA mande pou paran/granmoun yo bay prèv idantifikasyon valab manje a se pou yon timoun ki gen 18 an oubyen mwens, si timoun nan pa akonpaye yo nan distribisyon an. Idantifikasyon an kapab yon kat ID elèv la, kanè, oubyen rapò sou pwogrè li. Sa yo se menm direktiv ki te aplike pandan distribisyon manje M-DCPS te fè pandan ete a.

 

M-DCPS pa ralanti nan angajman li pou sipòte elèv ak fanmi yo. Jiska prezan, Distri a distribiye prèske 16 milyon repa gratis bay elèv yo.

 

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho.

 


# # #

21-DGD/085/HD/RD/CM

Follow us