Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
3/18/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl la Komisyone Achitèk, Manadjè Konstriksyon Pou Sis Pwojè GOB ki Vo $25.5 Milyon

Nan reyinyon mansyèl regilye li a yè, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade apwouve komisyonman achitèk ak manadjè konstriksyon pou pwojè “General Obligation Bond (GOB)” (Obligasyon Jeneral Obligasyon) ki vo apeprè $ 25.5 milyon nan kat lekòl elemantè ak de (2) sant K-8.

 

Votè yo te apwouve GOB a gran majorite an 2012  pou renove, remodle ak ranplase lekòl; agrandi kapasite elèv; amelyore sekirite; e modènize teknoloji nan tout lekòl. Sa ki anba la yo se detay sou pwojè yo:

 

Coconut Palm K-8 Academy - Rodriguez Architects, Inc. (RAI) te komisyone kòm achitèk/enjenyè ki sou kontra pou trase plan yon nouvo segman bilding 12-salklas ki pral prezante 216 plas pou elèv nan Coconut Palm K-8. Pwojè a, ki lokalize nan Homestead, ap ofri tou espas pakin adisyonèl, ki gen ladan nouvo wout pave ak pasaj pyeton.

 

Total alokasyon pwojè a - $6.7 milyon                                         Li ap Fini – Fevriye 2023

Total Patisipasyon Sou-konsiltan ti/mikwo Antrepriz Biznis (S/MBE): 15.5 pousan

 

Gateway Environmental K-8 Learning Center - RAI te komisyone tou kòm achitèk/enjenyè ki sou kontra pou pwojè sa a, pou trase plan yon nouvo adisyon 12-salklas avèk 216 estasyon elèv nan Gateway Environmental K-8 Learning Center, ki lokalize nan Homestead tou. Pwojè a pral bay espas pakin adisyonèl, ki gen ladan wout pave ak pasaj pyeton.

 

Total alokasyon pwojè a - $6.1 milyon                                         Li ap Fini – Janvye 2023

Total Patisipasyon Sou-konsiltan S/MBE: 15.5 pousan

 

Tropical Elementary School - Alleguez Achitekti, Inc. se achitèk/enjenyè ki te ranpòte solisitasyon ‘Sheltered Market’ pou “Small Business Enterprises (SBE)” (Biznis Ti Antrepriz) / “Micro Business Enterprises (MBE)” (Biznis Mikwo Antrepriz) konpayi prensipal yo e li gen ladan objektif sou konsiltan obligatwa pou pwojè sa a Antrepriz Biznis Minorite/Fi Posede (M/WBE). Veitia Padron Incorporated (VPI) te komisyone kòm manadjè a risk konstriksyon an pou renovasyon nan Tropical Elementary. Lekòl la ki te bati an 1956, gen ladan 13 bilding yon sèl etaj ki sou apeprè sis kawo tè nan Rejyon Sid la. Dimansyon travay la gen ladan renovasyon jeneral nan tout kanpous lekòl la tankou renovasyon nan salklas pou fè yo tounen salklas ESE konplè; ranplase fontèn dlo; ranplasman konplè sistèm “Heating, Ventilation and Air Conditioning (HVAC)” (Chofaj, Vantilasyon ak Klimatizè); ak amelyore sistèm alam dife a. Pwojè sa a se yon opòtinite ki pwoteje sou mache a.

 

Total alokasyon pwojè - $3.7 milyon                                            Li ap Fini - Me 2023

Total Patisipasyon Sub-konsiltan Minorite/Antrepriz Biznis Fi Posede (M/WBE): 34.14 pousan

 

Seminole Elementary School - Yo te chwazi Silva Architects, LLC ak J.R.T. Construction, Co. pou fè renovasyon jeneral nan Seminole Elementary, ki lokalize nan Rejyon Sid la. Lekòl la ki te bati orijinalman an 1960, te gen plizyè bilding ki te ajoute pandan tout ane yo.

 

Dimansyon travay yo seleksyone yo pral gen ladan ranplasman fenèt aliminyòm; ranplasman detektè alam dife nan Bilding 01; ranplasman glasyè fontèn dlo nan ak aparèy chofaj dlo plonbri nan bilding 01; remodle twalèt elèv nan de (2) bilding; amelyore sèvis elektrisite nan de (2) bilding; ak pentire eksteryè kote yo chwazi.

 

Total alokasyon pwojè - $3.2 milyon                                                        Li ap Fini - Me 2023

Total Patisipasyon Sub-konsiltan M/WBE: 19 pousan

 

Pine Lake Elementary School - JSA Group Inc. te komisyone kòm achitèk/enjenyè sou kontra ak Carivon Konpayi Konstriksyon kòm manadjè konstriksyon nan konpayi ki gen risk pou konplete renovasyon nan Pine Lake Elementary. Li te bati orijinalman an 1976, Pine Lake konpoze ak kat bilding pèmanan ak pasaj pyeton ki kouvri. Andwa lekòl la gen ladan tou yon sèvis pou kondui, pakin anplwaye ak yon estasyon pou depoze e vin chechè elèv, ak yon bilding pòtab. Dimansyon prensipal pwojè preliminè a gen ladan divès renovasyon nan tout kanpous, ansanm ak amelyorasyon nan sistèm alam dife ak sekirite yo; ranplasman selektif fenèt aliminyòm ak plafon an nan de (2) bilding.

 

Total alokasyon pwojè - $2.8 milyon                                                        Li ap Fini - Me 2023

Total Patisipasyon Sub-konsiltan M/WBE: 13 pousan

 

Hialeah Gardens Elementary - VIA Design Studio, LLC te komisyone kòm achitèk/enjenyè ki sou kontra ak JCI International, Inc. kòm manadjè konstriksyon konpayi ki gen risk pou konplete yon adisyon ak renovasyon nan Hialeah Gardens Elementary nan Rejyon Nò a. Premye kanpous lekòl la gen ladan kat bilding pèmanan yon sèl etaj ak twa bilding de (2) etaj tout te bati an 1993. Se dezyèm konpous lekòl se Hialeah Gardens ‘‘Primary Learning Center (PLC)” (Sant Aprantisaj Primè) a ki gen yon sèl etaj. Dimansyon yo pwopoze nan travay pwojè sa a gen ladan adisyon sis salklas; enstalasyon espas pakin adisyonèl; betone/refè sifas zòn jwèt ki pave a; e adisyone yon pasaj pyeton pave ki kouvri nan PLC a.

 

Total alokasyon pwojè - $3 milyon                                                            Li ap Fini - Jen 2023

Total Patisipasyon Sub-konsiltan M/WBE: 11.23 pousan

 

Tout dimansyon travay yo dwe gen rapò ak reparasyon sivil, estriktirèl, plonbri, mekanik, elektrik ak anbelisman jan sa nesesè e ki an konfòmite avèk Estanda Plan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County).

 

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho



# # #

21-DGD/099/HD/SD

Follow us