Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
3/26/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Inogirasyon Sant Medya Inovatif nan Redland Middle School

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County), Fondasyon ‘College Football Playoff (CFP)’ ak reprezantan Komite Akèy ‘2021 College Football Playoff National Championship Game (CFPNCG)’ devwale yon nouvo sant medya nan Lekòl Mwayen Redland jodi a, ki ranpli ak aparèy reyalite vityèl (VR), biwo mobil, yon seksyon wobotik, yon nouvo tablo ‘Promethean’ ak plis pase yon douzèn estasyon òdinatè.

 

Lekòl Mwayen Redland se youn nan 16 lekòl mwayen piblik Miami-Dade County ki pral gen sant medya li transfòme pou vin tounen espas inovasyon teknolojik pandan de pwochen ane yo. Tout patnè yo ap kontinye revele nouvo pwojè nan diferan lekòl pandan tout ane a.  

 

Gregory Worcester, yon elèv uityèm ane ki te pale nan non elèv yo nan seremoni an, te kontan ak rezilta renovasyon an. Li deklare : "Li bèl! Yo renove li e yo fè tout bagay pi byen. Lè ou rantre isit la, li sanble li fè pati yon nouvo lekòl segondè sofistike."


Seksyon wobotik sa a se yon pati nan nouvo espas inovasyon Lekòl Mwayen Redland.

 

 

Moun ki te patisipe nan seremoni koupe riban sa a se Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho; Manm Komisyon Konsèy Lekòl pou Distri 9, Luisa Santos; Britton Banowsky, Direktè Jeneral pou CFPNCG, Jij Michael Chavies, Prezidan e Chèmann Konsèy Administrasyon Komite Orange Bowl la; Eric Poms, Direktè Jeneral Komite Orange Bowl la; Thomas G. Abraham, Chèmann Fondasyon ‘Anthony R. Abraham’; avèk Gregory Beckford, Direktè Lekòl Mwayen Redland.


Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho.

 

# # #

 

x


# # #

21-DGD/101/HD/RD/CM

Follow us