Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
4/6/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Tout Rezidan Florid Ki Gen Laj 16 an e Plis Elijib Pou Resevwa Vaksen COVID-19

Kòmanse jodi a, tout rezidan Florid ki gen laj 18 an e plis elijib pou resevwa nenpòt vaksen COVID-19 jan “Food and Drug Administration” (Administrasyon Manje ak Medikaman) otorize sa. Anplis, yo apwouve vaksen Pfizer kounye a pou moun ki gen 16 ak 17 an, pandan vaksen Moderna ak Janssen (Johnson & Johnson) yo apwouve pou moun ki gen 18 an e plis. Tout moun ki gen mwens pase 18 an e ki ap pran vaksen dwe akonpaye avèk yon adilt e li dwe ranpli fòm konsantman depistaj vaksen pou COVID-19 la. Pou telechaje yon kopi fòm nan, klike la. Malgre sondaj vaksen nan timoun yo montre yon to efikasite 100%, vaksen an poko disponib pou timoun ki poko gen 16 an.

Ogmantasyon elijibilite vaksen yo se bon nouvèl “Miami-Dade County Public Schools” (Lekòl Leta Miami-Dade County), ki kontinye bay sante ak byennèt elèv ak anplwaye li yo priyorite pandan n ap navige nan pandemi COVID-19 la.

M-DCPS aktyèlman ap eksplore posiblite pou volontèman vaksinen elèv ki kalifye nan kèk sit nou chwazi, menm jan ak sit ki te ofri tès COVID-19 pou elèv ak anplwaye, ansanm ak vaksinasyon pou anplwaye yo. Vaksinasyon elèv ak anplwaye pa obligatwa nan Lekòl Leta Miami-Dade County.

Nou ankouraje paran/gadyen ak anplwaye yo vizite sit entènèt eta Florid la pou jwenn andwa vaksen yo nan https://floridahealthcovid19.gov/vaccines/vaccine-locator/ pou dènye enfòmasyon ki disponib sou founisè vaksen yo. Pou kenbe kominote nou an an sekirite, nou  mande pou w kontinye obsève pratik prevansyon COVID-19 yo, ki se kouvri vizaj, lave men regilyèman oubyen sèvi ak dezenfektan pou men, ansanm ak distans sosyal lè li posib.

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho.


# # #

21-DGD/103/JC/RD/CM

Follow us