Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
3/1/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Lekòl Leta Miami-Dade County ak Chanm Komès Miami-Dade Lanse Inisyativ “Espas Lekti” pou Ankouraje Lanmou pou Lekti pou Elèv Premye Ane


Esplikasyon Foto a: Prezidan Chanm Komès Miami-Dade-County Eric Knowles, Sipèentandan Lekòl yo Dtè. Jose L. Dotres, Direktris Lakeview Elementary Dtè. Marie Bleus ansanm ak kèk anplaye ak elèv

 

Sipèentandan an Dtè. Jose L. Dotres te rankontre avèk Prezidan Chanm Komès Miami-Dade G. Eric Knowles nan Lakeview Elementary mekredi a pou lanse Inisyativ “The Reading Chamber” (Espas Lekti) a.

 

Inisyativ sa a ogmante kantite manm ki gen nan kominote Chanm Komès Miami-Dade la ki dispoze ede, lè li mande yo sèvi kòm volontè pou fè lekti pou elèv premye ane atravè “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County). Objektif Espas Lekti a se bati yon fondasyon solid pou elèv ka vin devlope yon lanmou pou lekti nan lavni atravè aktivite enteresan e pratik volontè yo pral fè avèk elèv yo.

 

Direktris Lakeview Elementary Dtè. Marie Bleus te akeyi toude lidè yo, e yo te vizite klas premye ane Mesye Roberts ak Madam Connelly kote yo te li pou elèv yo istwa “If You Give a Mouse a Cookie” (Si Ou Bay yon Sourit yon Bonbon).

 

Yo chwazi 2 Mas kòm Jounen Nasyonal Lekti Atravè Peyi a. Kòm jou sa a tonbe nan yon wikenn, M-DCPS selebre Jounen Nasyonal Lekti Atravè Peyi a vandredi 1ye mas 2024. Manm Chanm Komès Miami-Dade yo, ki gen ladan pwopriyetè biznis lokal ansanm ak lidè kominotè, patisipe kòm volontè pou fè lekti nan kat (4) lekòl elemantè atravè distri a: Barbara Hawkins Elementary School, Fulford Elementary School, Arcola Lakes Elementary School, Van E. Blanton Elementary School ak Parkway Elementary School. 

 

Espas Lekti a se yon inisyativ ki ap kontinye mete kominote biznis lokal yo ak lekòl yo ansanm pou sipòte edikasyon.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, ak 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou Aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X, nou te konnen sou non Twitter nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

24-VSP/067/AR/CM/RD

Follow us