Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
3/20/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Pwogram Estaj Ete pou Jèn yo Pral Lanse Nevyèm Ane Depi L ap Konekte Elèv M-DCPS avèk Biznis Lokal yo

“The Summer Youth Internship Program (SYIP)” (Pwogram Estaj pou Jèn Ete a), ki bay elèv lekòl segondè eksperyans travay pandan ete a nan konekte yo ak plizyè santèn anplwayè, te fè yon evènman pou lanse pwogram nan jodi a. Yo te konsantre sou akeyi nouvo patnè estaj ki ka antre nan pwogram nan ane sa a ansanm ak enskri elev “Miami-dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pou ete a.

 

SYIP ofri elèv yo senk semèn eksperyans travay peye nan yon pakèt domèn kòmanse jiyè jiska out.

 

Sipèentandan M-DCPS Doktè Jose L. Dotres di, “Pwogram Estaj Ete pou Jèn yo se yon opòtinite san parèy pou elèv nou yo resevwa bonjan eksperyans travay nan yon kantite domèn e pou patwon yo pwofite mendèv yon pakèt travayè ki chaje ak antouzyas, entelijans ak motivasyon, ki ka alavni deside fè travay sa a tounen yon karyè.”

 

M-DCPS fè patenarya avèk The Children’s Trust, Miami-Dade County, Career Source South Florida, EdFed – The Educational Federal Credit Union, ak Foundation for New Education Initiatives pou ofri estaj sa yo, ki disponib pou elèv nan klas 10èm rive 12èm ane ki konplete pwosesis aplikasyon an 24 me oubyen avan sa. Tout ansyen ak nouvo anplwayè yo dwe enskri nan miamiinterns.org e yo ka anplwaye jiska 10 entèn pandan pwogram nan.

 

Majistra Miami-Dade County, Daniella Levine Cava di, “Miami-Dade County fyè pou l patisipe nan “Summer Youth Internship Program” (Pwogram Estaj pou Jèn pandan Ete a) ki pa sèlman ofri elèv nou yo yon chans pou resevwa yon salè ak lòt opòtinite pou vakans ete yo, men tou li prepare yo pou travay nan nouvo ekonomi an epi prepare yo pou lavni… Gouvènman lokal nou an gen yon wòl eksepsyonèl pou l jwe nan siksè elèv nou yo atravè pwogram tankou sa a, e nou pa ka tann pou nou resevwa anpil nan elèv yo kòm estajè nan pwogram pa nou yo, chak ane."

 

Elèv estajyè yo ap travay 30 èdtan chak semèn, senk jou pa semèn, e se SYIP ki ap peye yo, se pa anplwayè yo, e y ap gen asirans aksidan. Elèv yo dwe elijib pou travay nan Etazini, yo dwe enskri nan lekòl leta Miami-Dade e yo dwe enskri e konplete yon kou praparatwa pou estaj la.

 

Ane pase, te gen 3,060 elèv ki soti nan 58 lekòl ki te patisipe nan estaj avèk 702 anplwayè. M-DCPS ansanm ak patnè li yo te envesti $6 milyon nan pwogram nan. Tout elèv ki te enskri nan SYIP yo resevwa kredi pou lekòl segondè epi yo ka elijib pou resevwa kredi pou kolèj atravè pwogram anwolman doub avèk Miami-Dade College.

 

James Haj, Prezidan & Direktè Jèneral ‘The Children’s Trust’ di, "Kòm yon manm fondatè ki fyè e kòm yon patnè ki ap kolabore pou sipòte pwogram SYIP a depi plizyè ane, nou fyè anpil pou gwo pwogrè pwogram sa a fè pou rive kote li ye kounye a. Òganizasyon Children's Trust resevwa plizyè jèn estajè nan pwogram SYIP a tou chak ane, epi yo ajoute anpil vitalite ak nouvo pèspektiv chak ane. Nou ankouraje lòt òganizasyon pou yo fè menm jan an.”

 

Yo plase elèv yo nan divès biwo atravè Konte Miami Dade, biwo veterinè, restoran, konpayi ki fè travay jeni, sant gadri, biwo avoka ak anpil lòt kote ki vrèman enteresan. Bay elèv opòtinite pou eksplore fiti karyè yo pandan y ap touche yon salè e resevwa kredi lekòl segondè se yon lòt bon egzanp sou rezon ki fè M-DCPS se pi bon chwa ou.

 

Ann Stith, Direktris Egzekitif ‘Foundation for New Education Initiatives’ di, “Anplwayè yo gen yon opòtinite pou yo ekspoze jèn yo ak endistri yo e kreye enterè nan pousuiv posiblite pou fè yon karyè nan endistri sa yo… San yo pa depanse anyen, y ap konseye elèv sa yo e y ap jwenn moun ki vrèman motive pou fè kèlkeswa travay yo bezwen fè a pou ede yo avèk biznis oubyen aktivite yo.”

 

Pou plis enfòmasyon konsènan SYIP, tanpri rele 305 693-3005 oubyen vizite miamiinterns.org.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, ak 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou Aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X, nou te konnen sou non Twitter nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

24-VSP/070/AR/SD/RD/CM

Follow us