Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
4/4/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Lanse Pwojè Konstriksyon Yon Nouvo Akademi Lwa Ak Planetaryòm Nan Lekòl Segondè Hialeah-Miami Lakes


Sipèentandan Lekòl yo Doktè Jose L. Dotres, nan mitan, ak kèk lòt diyitè lanse ofisyèlman pwojè konstriksyon yon nouvo Akademi pou etid Dwa ak pwojè renovasyon planetaryòm nan Lekòl Segondè Hialeah-Miami Lakes

 

Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County Dtè. Jose L. Dotres ak Manm Komisyon Konsèy Lekòl Distri 4, Robert J. Alonso te met ansanm ak Juan Ramirez ki se Direktè Lekòl Segondè Hialeah-Miami Lakes; ofisyèl eli ki reprezante vil Miami Lakes nan eta a, konte a, ak gouvènman lokal yo; reprezantan ki soti nan Distri a; ansanm ak pwofesè ak elèv yo pou lanse  kòmansman konstriksyon yon nouvo Akademi pou etid Dwa nan Lekòl Segondè Hialeah-Miami Lakes ak renovasyon Planetaryòm Ken Mattingly a.

 

Yo pral itilize Akademi Dwa a pou kou sou lwa nan pwogram magnet lekòl la, ki pral gen ladan yon estrad pou jij, yon espas pou temwen, yon espas rezève pou manm jiri, ansanm ak tab pou reprezantan akizatè ansanm ak moun ki akize a, sal pou deliberasyon jiri, ak espas pou piblik la.

 

Maurits Acosta, yon elèv twazyèm ane segondè, ki te ofri refleksyon elèv yo pandan ouvèti seremoni an, kontan anpil pou tout nouvo devlopman karyè ak posiblite opsyon akademik ki pral disponib pou elèv yo.

 

Li di : "Sa a se yon envestisman istorik distri nou an ap fè nan avni lekòl nou an. Non sèlman nou pral remodele konplètman planetaryòm nou an – nou se youn pami kèk lekòl segondè nan tout eta Florid la ki gen pwòp planetaryòm pa nou – men nou pral gen tou yon nouvo sal tribinal. Lekòl nou an gen youn nan pi bon pwogram dwa nan tout eta a, men nou pa t janm gen pwòp sal tribinal pa nou. Jodi a, gras ak angajman sipèentendan lekòl nou an ak manm konsèy lekòl la, tout sa pral chanje."

 

Planetaryòm nan ki pote non astwonòt Ken Mattingly, ki te grandi nan vil Hialeah, te ouvri an 1972 e li te fèmen nan ane 2000. Dimansyon pwojè renovasyon an gen ladan yon nouvo twati an metal, pwojeksyon dijital ak sistèm sonorizasyon modèn, ansanm ak chèz pou moun chita. Yo pral sèvi ak sal la pou resevwa elèv pou "Space and Technology Research Magnet" (Pwogram Magnet Rechèch Espasyal ak Teknolojik) k ap vini lè pwogram nan kòmanse nan sezon otòn 2025.

 

Pwofesè Syans ak Astwonomi, Rick Silverman, di nouvo planetaryòm nan enpòtan anpil. Li di "Sa a se yon pwojè administrasyon nou an ap travay pou reyalize depi prèske 8 ane, epi pou konnen kounye a li pral vin yon reyalite nan kèk ane. Sa demontre konfyans nou genyen nan devlopman nan pwogram sa a avèk opòtinite ekstrawòdinè li pral ofri fiti elèv nou yo."

 

Maurits, ki se yon manm "Student Government Association" (Asosyasyon Gouvènman Elèv) Distr a, dakò ak santiman sa yo. Li di "Sa pral motive paran ak elèv yo vini nan lekòl la epi montre ki sa lekòl nou an gen pou ofri." Sistèm edikasyon piblik nou an, espesyalman nan Miami-Dade, se pi bon sistèm nan peyi a. Opòtinite ki disponib pou nou yo pa gen parèy. Vrèman, nou se pi bon chwa pou tout moun. Kèlkeswa pwogram ki enterese w la, distri lekòl nou an gen youn ki bon pou ou. Donk, ou jis bezwen jwenn sa ki bon pou ou a.

 

Se konpayi ‘Carivon Construction’ ki te resevwa kontra a pou pwojè $2.3 milyon dola sa a, ki pwograme pou fini an 2025.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, ak 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou Aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X, nou te konnen sou non Twitter nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

24-VSP/073/HD/RD/CM

Follow us