Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
4/11/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Pa Rate Okazyon an! M-DCPS Ap Ouvè Peryòd Aplikasyon Andeyò Epòk Enskripsyon Magnet la 15 Avril

Kòmanse lendi 15 avril 2024, "Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County), ap ouvè Pwosesis Aplikasyon Andeyò Peryòd Enskripsyon Magnet la pou bay elèv yo yon lòt opòtinite pou aplike pou plas Magnet pou ane lekòl k ap vini an. Peryòd Aplikasyon Andeyò Epòk Enskripsyon an ap rete ouvè jis rive nan kòmansman ane lekòl 2024-2025 la oswa jiskaske tout plas yo fin ranpli.

 

Sa ki nouvo pou ane sa a, nou ap aksepte tout aplikasyon Magnet pandan Peryòd Andeyò Epòk Enskripsyon an sèlman atravè Pòtal Paran M-DCPS ki disponib atravè sit entènèt miamimagnets.org. N ap mande pou fanmi yo siyen nan Pòtal Paran an lè yo sèvi avèk idantifikasyon ‘Google’ oswa ‘Apple’ yo, menmsi yo genyen oswa yo pa genyen yon elèv ki deja enskri nan M-DCPS. Pandan Peryòd Andeyò Epòk Enskripsyon an, fanmi yo ap ka chwazi pami lekòl ki gen plas disponib sèlman, sou baz elèv yo dwe satisfè kritè elijibilite yo epi sou baz moun ki aplike anvan yo ap jwenn sèvis anvan. Aksepte yon plas Andeyò Epòk Enskripsyon Magnet la pap afekte elèv ki deja sou yon lis atant nan yon lòt lekòl.

 

Atravè pwogram Magnet M-DCPS yo, elèv yo prepare pou briye e eksele nan edikasyon apre lekòl segondè ak nan andwa travay yo, ki fè pwogram sa a tounen meyè chwa pou edikasyon nan Miami-Dade. Pou ane lekòl 2024-2025 la, M-DCPS ap ofri elèv nan tout nivo klas yo plis pase 375 pwogram Magnet ak kou espesyalize ansanm ak seksyon etid tematik san parèy ki fèt pou satisfè enterè espesyal, talan, ak kapasite elèv yo. Sa ki pi enteresan pandan Peryòd Andeyò Epòk Enskripsyon a se nouvo pwogram nou ofri ki pa t disponib pandan peryòd aplikasyon regilye a. Pami nouvo òf enteresan nou ofri pandan peryòd aplikasyon andeyò epòk enskripsyon an gen ladan yon pwogram otomobil pou machin elektrik ak yon pwogram debitan bioteknoloji ki baze sou estanda endistri a. Pwogram sa yo bay elèv yo chemen karyè ak sètifikasyon endistri yo lè yo konplete kou yo avèk siksè. Enskripsyon ouvri pou tout elèv ki kalifye yo, kèlkeswa kòd postal kote yo abite.

 

Pou plis enfòmasyon, silvouplè rele 305-995-1922 pou w pale ak yon anplwaye ekip Magnet la oswa vizite sit entènèt: yourchoicemiami.org.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, ak 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou Aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X, nou te konnen sou non Twitter nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

24-VSP/069/HD/RD/CM

Follow us