Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
4/18/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl la Komisyone yon Achitèk, Li Bay De (2) Kontra Konstriksyon pou Twa Pwojè GOB ki Vo $43.3 Milyon Dola

Nan reyinyon regilye li fè chak mwa a, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County te komisyone yon konpayi achitekti ak de (2) konpayi konstriksyon pou fini pwojè “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) nan Lekòl Lenora B. Smith Elementary, Riviera Middle ak Tropical Elementary, ki totalize apeprè $43.3 milyon dola.

 

Lekòl Lenora B. Smith Elementary School – yo te komisyone Silva Architects, LLC., pou fini Dezyèm Faz pwojè renovasyon GOB a finanse ansanm ak konstriksyon yon nouvo bilding de (2) etaj, ak minimòm konsomasyon enèji ak pasaj pyeton ki kouvri.

 

Yo pral demoli sis building nan Lekòl Lenora B. Smith Elementary ki lokalize nan Liberty City Miami, pou fè plas pou ajoute yon bilding 41,000 pye kare ki pral loje salklas, biwo administrasyon yo ak yon kafeterya. Yo ap trase plan pwojè a e konstwi li pou satisfè gwo pèfòmans sistèm evalyasyon bilding nan domèn ekolojik ki apwouve nasyonalman.

 

Patisipasyon Total Soutretans “Small/Micro Business Enterprise (S/MBE)”

(Antrepriz Ti Biznis/Mikwo Biznis): 31 pousan

 

Alokasyon total pou pwojè a se - $21.3 milyon                          Li ap Fini an - Me 2026

 

Lekòl Riviera Middle School – Yo te bay konpayi H.A. Contracting Corp. kontra pou yon pwojè renovasyon GOB finanse. Lekòl Riviera Middle ki te konstwi an 1958, gen 16 bilding sou yon pòsyon teren 8 ekta e li gen 1,183 plas pou elèv. Li bòne ak lekòl Tropical Elementary sou bò lès ak Tropical Estate Park sou bò lwès.

 

Dimansyon travay la gen ladan, men li pa limite ak, ranplasman fenèt, pòt, ak sistèm HVAC a; refè sifas teren baskètbòl ak volebòl ki egziste deja yo; ansanm ak renovasyon twalèt yo.

 

Patisipasyon Total Soutretans “Small/Micro Business Enterprise (S/MBE)”

(Antrepriz Ti Biznis/Mikwo Biznis): 17.89 pousan

Patisipasyon Total Soutretans “Minority/Women Business Enterprises (M/WBE)” (Antrepriz Biznis Minoritè/Biznis Fi Posede): 9.95 pousan

 

Alokasyon total pou pwojè a se - $12.6 milyon                         Li ap Fini an – Novanm 2025

 

Lekòl Tropical Elementary School – Yo te bay konpayi Veitia Padron Inc. kontra pou renovasyon pwojè GOB nan lekòl Tropical Elementary. Lekòl la lokalize nan S.W. 104th Avenue, li bòne nan sid ak lekòl Riviera Middle School. Yo te konstwi lekòl ki la kounye a an 1956 e aktyèlman li gen 13 bilding pèmanan ki gen 802 plas pou elèv.

 

Dimansyon travay yo pwopoze pou pwojè sa a gen ladan, men ki pa limite ak, ranplasman sistèm alam dife, fenèt ak planche nan tout kanpous la. Pwojè a gen ladan tou pentire deyò lekòl la; amelyore kontwòl HVAC yo, modènize twalèt yo, ak divès lòt kalite amelyorasyon.  

 

Patisipasyon Total Soutretans “Small/Micro Business Enterprise (S/MBE)”

(Antrepriz Ti Biznis/Mikwo Biznis): 12.78 pousan
Patisipasyon Total Soutretans “Minority/Women Business Enterprises (M/WBE)” (Antrepriz Biznis Minoritè/Biznis Fi Posede):
4.97 pousan

 

Alokasyon total pou pwojè a – $9.4 milyon dola            Li ap Fini an – Novanm 2025

 

M-DCPS se “#YourBestChoice’’ (#MeyèChwaOu) pou ofri yon anviwònman ki gen sekirite e ki konfòtab pou ansèyman ak aprantisaj.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, ak 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou Aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X, nou te konnen sou non Twitter nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

24-VSP/078/HD/SD/CM

Follow us